Accessibility links

Breaking News

Yon Gwoup Defans Dwamoun nan Tinizi Ranpòte Pri Nobèl Lapè 2015 la

Lidè 4 gwoup ki ranpòte Pri Nobèl Lapè a: Houcine Abbassi, Sekretè Jeneral Inyon Jeneral Travayè Tinizyen (UGTT), Wided Bouchamaoui, Prezidan Inyon Patwon Travay Tinisyen (UTICA), Abdessattar ben Moussa, Prezidan Lig Tinizyen Dwamoun nan (LTDH), epi Fadhel Mahfoudh, Lòd Avoka Tinizyen yo (LAT).

Pri Nobèl Lapè ane 2015 la al jwenn yon gwoup defans dwa moun nan peyi Tinizi ki rele "Kwatyòr Tunizyen pou yon Dyalòg Nasyonal" pou gwo kontribisyon li pote bay konstriksyon yon demokrasi pliralis nan Tinizi aprè sa ki rele "Revolisyon Jasmen ane 2011 la".

Komite Pri Nobèl la nan vil Oslo, nan peyi Nòvèj, anonse atribisyon pri a nan kòmansman jounen vandredi 9 oktòb 2015 la nan yon mesaj kote li ensiste sou le fèt ke lap remèt pri a bay 4 òganizasyon ki fòme kwatyòr la -e non pa yon oganizasyon an patikilye-- pou travay yo reyalize pou tabli yon pwosesis pasifik aprè asasina politik ak dezòd sosyal te fin minen efò demokratizasyon ki te swiv Prentan Arab la.

Komite Nobèl la onore Kwatyòr la ak yon bèl sitasyon kote li di : "Pri sa a se yon rekonesans pou stabilite Kwatyòr la te tabli nan Tinizi nan yon moman kote peyi sa a te preske tonbe nan yon gè sivil ."

Gwoup ki fòme « Kwatyòr Tinizyen pou Dyalòg Nasyonal la » genyen ladan l: Inyon Jeneral Travayè Tinizyen;- Konfederasyon Tinizyèn pou Endistri, Komès ak Atizana;- Lig Dwa Moun Tinizyen, epi Lòd dè Zavoka Tinizyen.

XS
SM
MD
LG