Accessibility links

Breaking News

Ayiti:Manifestan Mande Anilasyon Eleksyon yo ak Demisyon Konsèy Elektoral la


Logo CEP Haiti New
Logo CEP Haiti New

Plizyè kandida ki sòti nan diferan pati politik ak patizan yo manifeste, pandan jounen jedi 8 oktòb 2015 la devan lokal Konsèy Elektoral Pwovizwa a nan Petyonvil, pou yo mande demisyon manm konsèy la ak anilasyon eleksyon lejislatif 9 out pase a; an menm tan, yo denonse sa yo rele "konpòtman awogan" prezidan KEP a, Pierre Louis Opont, nan rapò li swa ak kandida yo, swa ak elektè yo. Espas Rezistans Patriyotik la se youn nan pati ou regwoupman politik ki kontinye ap mande anilasyon eleksyon 9 out la ak demisyon manm KEP a epi swete enstalasyon yon gouvènman tranzisyon pou òganize pwochen eleksyon yo.

Nouvèl Ayiti pou vandredi 9 oktòb 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:09:24 0:00
Direct link

Yon lòt kote, Kandida pou pòs prezidan sou banyè pati politik Unir Haiti, Clarens Renois, mande manm KEP yo pran tout dispozisyon ki nesesè pou eleksyon 25 oktòb yo byen dewoule nan tout peyi a san vyolans ni entimidasyon. Se konsa, dirijan Rezo Nasyonal Defans Dwamoun nan peyi Dayiti (RNDDH), Pierre-Esperance, li menm tou, pwononse li an favè òganizayson eleksyon yo nan dat 25 oktòb la.

Anfen, direktris Misyon Sivil l'ONU ann Ayiti a (MINUSTHA), Sandra Honoré, fè yon prezantasyon devan Konsèy Sekirite Nasyon Zini an nan New York, pandan jounen jedi 8 oktòb la sou yon rapò Sekretè Jeneral la, Ban Ki-moon, te prepare sou sitiyasyon an nan peyi Dayiti -rapò Misye Ban te soumèt devan konsèy la nan dat 31 out pase a. Madam Honoré atire atansyon sou òganizasyon eleksyon yo nan peyi a sòti nan sa k dewoule nan dat 9 out pase a pou rive nan sila yo ki gen pou dewoule pandan rès ane a. Li fè konnen se dènye eleksyon kote yon asistans tankou sa MINUSTAH ofri a, pral nesesè ann Ayiti. Madam Honoré kontinye pou l di: "Pou pèmèt transfè kòmand la yon fason òdone e dirab -jan MINUSTAHN kòmanse fè l la- Sekretè Jeneral la mande yon pwolongasyon yon lane ankò (e se va ane final la) pou manda Misyon Nasyon Zini an nan nivo twoup militè ak lapolis."

XS
SM
MD
LG