Accessibility links

Breaking News

L’OTAN ak Lèzetazini Kritike Operasyon Militè Larisi nan Siri


Sekretè Jeneral l'OTAN an, Jens Stoltenberg.
Sekretè Jeneral l'OTAN an, Jens Stoltenberg.

Chèf Òganizasyon Trete Atlantik Nò a (l'OTAN ), Jens Stoltenberg, kritike Larisi poutèt operasyon militè san pran souf li lanse kont rebèl yo nan Siri. Sekretè Jeneral l'OTAN an fè kritik sa a jedi 8 oktòb 2015 la anvan yon rankont minis defans peyi-manm òganizasyon an ap fè nan vil Brisèl, nan La Beljik, kote entèvansyon Larisi nan lagè sivil la nan Siri a pral nan tèt deba yo. Misye Stoltenberg dekare:

« Nan Siri, nou konstate yon ranfòsman aktivite militè Larisi. Nou pral evalye dènye evolisyon sitiyasyon an ak konsekans sa kapab genyen pou sekirite alyans la. Se yon reyaksyon toutafè nòmal lè nou konnen avyon militè ris te vyole espas ayeryen l’OTAN sa pa gen lontan. »

Depi kòmansman semèn nan, Larisi tonbe anba akizasyon deske li vyole espas ayeryen youn nan manm l'OTAN yo, peyi Tuki, pandan youn nan sòti avyon militè l yo te fè nan Siri. Minis defans Lèzetazini an, Ash Carter -ki prezan nan rankont Brisèl la-- fè yon gwo kritik kont Larisi tou nan jounen mèkredi 7 oktòb la, pou operasoyn militè Moskou lanse nan Siri a. Misye Carter di :

" Nou pa pare pou n kowopere nan yon estrateji ki, jan yo eksplike l la, gen fòs kwochi ladan n, tankou estrateji Larisi ap aplike la a."

Moskou ensiste pou l di atak avyon militè l yo vize sèlman Gwoup Eta Islamik la ak alye militan yo nan Siri.

XS
SM
MD
LG