Accessibility links

Breaking News

Ayiti/Etazini: Sekretè Deta John Kerry ap Vizite Ayiti


<div>غار روستای ده شیخ در استان کهگیلویه و بویراحمد<br />
عکس: محمدرضا قاسمیان</div>
<div>غار روستای ده شیخ در استان کهگیلویه و بویراحمد<br /> عکس: محمدرضا قاسمیان</div>

Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, ap vizite Ayiti nan jounen madi 6 oktòb 2015 la nan moman preparasyon ap kontinye pou dewoulman yon eleksyon jeneral nan peyi karayib la. Ayisyen yo genyen pou yo vote pou chwazi yon nouvo Prezidan de la Repiblik, 2 tyè Sena a, tout manm Chanm Depite a ak otorite lokal yo. Pandan vizit sa a, chèf diplomasi amerikèn nan gen pou li rankontre, antwòt, ak Prezidan Michel Martelly e ak manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a. Nouvèl yo fè konnen prezans Misye Kerry nan kapital ayisyèn nan ap koyenside ak yon manifestasyon kèk manm opozisyon an ap òganize pou mande anilasyon eleksyon 9 out yo, ranvwa eleksyon 25 oktòb yo epi demisyon tout manm KEP a.

Politològ Gracien Jean, ki reponn kesyon Jean Robert Philippe di vizit Sekretè Deta ameriken an kapab sèvi pou kalme espri yo epi fasilite yon antant ant aktè ak sektè konsène yo.

Nouvèl Ayiti pou madi 6 oktòb 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:09:49 0:00
Direct link

Yon lòt kote, Konfederasyon Nasyonal Vodouyizan Ayisyen yo pa deside nonmen yon ranplasan pou Mèt Nehemie Joseph ki te reprezante sektè sa a nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a, daprè manbo Euvonie Georges-Augustin ki fè konnen Mèt Joseph pat janm reprezante konfederasyon an nan KEP a. Sou bò pa li, Ati nasyonal pwovizwa a, Augustin St Clou, deklare dirijan sektè vodouyizan an deja tanmen demach pou ranplase Mèt Joseph nan konsèy elektotal a.

Anfen, “Espas Piblik yo pou Tout Moun...” Se sou tèm sa a Inite Konstriksyon Lojman ak Batiman piblik yo (UCLBP) an kolaborasyon ak ONU-Habitat selebre jounen mondyal abita a lendi 5 oktòb 2015 la. Kowòdonatè pwogram ONU-Habitat, Jude Sénatus, ak Direktè UCLBP a, Clément Bélizaire, lanse apèl bay popilasyon an nan okazyon an pou mande l pwoteje espas piblik yo.

XS
SM
MD
LG