Accessibility links

Breaking News

Vòt Palman Ris la an Favè Siri. Yon Viktwa pou Putin


Prezidan ris la, Vladimir Putin,
Prezidan ris la, Vladimir Putin,

Nan Larisi, chanm wòt palman an apwouve yon demand Prezidan Vladimir Putin te mete devan l pou peyi a voye asistans militè nan Siri pou ede gouvènman Prezidan Bashar al-Assad la nan batay lap mennen kont militan Gwoup Eta Islamik la.

Daprè deklarasyon yon pòtpawòl gouvènman an fè nan televizyon Leta a nan Moskou, nan vòt ki dewoule nan chanm wòt la, palmantè yo te konsidere posiblite pou aviyasyon militè ris la patisipe nan operasyon lame siryèn nan ap mennen kont militan yo.

Sa gen yon ti tan deja depi Larisi ap ranfòse kapasite militè gouvènman siryen an, kote li mete a la dispozisyon lame a avyon bombadye, dyèt militè ak sòlda ris kap debake nan pati nò Siri depi kèk semèn deja, daprè otorite yo nan Pentagòn nan.

XS
SM
MD
LG