Accessibility links

Breaking News

Sou-Sekretè Deta Stengel Detaye Estrateje Etazini Kont Pwopagann Gwoup Eta Islamik la


Yon otorite wo plase nan Depatman Deta a, Sou-Sekretè Deta pou Diplomasi Piblik ak Afè Piblik, Richard Stengel, fè konnen gen yon gwo bès nan kantite mesaj Gwoup Eta Islamik la fè sikile atravè medya sosyal yo pandan 2 zou 3 mwa ki pase yo.

Daprè Misye Stengel, volim mesaj gwoup militan an ap bese e kantite Lèzetazini itilize pou l kontrekare pa gwoup la ap ogmante e yo depase lontan volim mesaj gwoup la ap fè pase atravè lemond. Yon atik ki te parèt nan mwa jen 2015 la nan jounal New York Times te lese konprann Gwoup Islamik la tap ranpòte lagè kap dewoule sou medya sosyal yo. Misye Stengel reponn pou l di repòtaj sa a prezante yon opinyon ki ridikil. Sou-Sekretè Deta deklare:

"Nap eseye atenn moun ak yon mesaj ki di: "Diskou Gwoup Eta Islamik la se yon diskou kap twonpe moun. Pa ekzanp, nou gen yon kanpay nap mennen nan yon pwogram radyo espesyal ki kòmanse semèn sa a menm e ki prezante temwayaj dirèk plizyè douzèn jenn gason ak jenn fi ki sòti nan Irak ak Siri e ki deklare: Gwoup Eta Islamik la se yon mit; nou te laba a, yo abize nou; yo pa nan afè relijyon vrè; sèl sa ki enterese yo, se lajan."

Sou-sekretè Deta Richard Stengel ap dirije Komisyon Estratejik Anti-teworis la nan Depatman Deta a. O komansman antite sa a te responsab operasyon kont rezo teworis al-Kaida a; jounen jodi a li konsakre tout efò li nan lit pou konbat pwopagann Gwoup Eta Islamik la sou entènèt la.

XS
SM
MD
LG