Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon : KEP a Pibliye Rezilta Premye Tou Eleksyon Lejislatif yo


Konsèy Elektoral Pwovizwa a pibliye byen ta dimanch 27 septanm 2015 la rezilta premye tou eleksyon lejislatif 9 out 2015 la. Dapre rezilta sa yo, se 2 kandida sèlman pou pòs senatè ki pase depi nan premye tou a: Youri Latortue, kandida Pati Atibonit ann Aksyon, ak Jean Renel Senatus, kandida pou Depatman de Lwès la .

Gen 8 depite ki eli nan premye tou a: Pou sikonskripsyon Ennery se Cholzer Chancy; pou Marchand Dessalines se Gracia Delva; pou Gros Morne se Fritz Chery; pou Pointe-à-Raquette se Jacquy Guerrier; pou Cerca Carvaja se A. Rodon Bien Aime; pou Cerca La Source se Rony Celestin; pou Beaumont se Anouce John Bertrand, epi Gabriel Lionel Jean pou skikonskripsyon Las Cahobas.

Nouvèl Ayiti pou madi 29 septanm 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:02 0:00
Direct link

Konseyè Yolette Mengual, ki reponn kesyon Jean Robert Philippe, di Konsèy Elektoral la ap travay pou anpeche pwoblèm ki te poze nan eleksyon 9 out yo repete nan eleksyon prezidansyèl 25 oktòb pwochen an.

Men lis kandida o Sena ki kalifye pou yo patisipe nan 2èm tou eleksyon ki pral dewoule nan dat 25 oktòb la :

* Pou Depatman Lwès : Antonio Cheramy ak Alix Fils-Aime k ap prezante platfòm Politik Verite.

* Pou Sidès : Ansyen Senatè Joseph Lambert, Wencesclas Lambert (PHTK), Dupie Chérubin (KID) ak Ricard Pierre (Pitit Dessalines).

Nan Nip kandida ki kalifye pou patisipe nan 2èm tou eleksyon senatoryal yo se Marie Carme Cineas, Francenet Decius ( pou Platfòm Verite), Nenel Cassy (Fanmi Lavalas), Jean WilliamsJeanty (KontraPèp la).

Atibonit--Jean Willy Jean Baptiste (AAA) ak Carl Murat Cantave (KID)

Nòdès--Ronald Lareche (Verite), Jacques Sauveur Jean (PHTK), Chena Pierre Martial (Fanmi Lavalas) ak Renan Etienne (APLA).

Nòdwès---Evallière Beauplan ( PONT), Onondieu Louis (KID), Johnson Dieujuste (Pitit Dessalines) ak Jean-Gardy Sanon (PPFF).

Sud kandida sa yo kalifye pou 2ièm tou a Richard Lenine Herve Fourcand (PHTK), Jean Marie Junior Salomon (OPL), Yvon Buissereth (Verite), Pierre Francky Exius (Lavalas).

NB.- 1.- Pou Depatman Grand Ans, rezilta definitif yo va parèt aprè repriz eleksyon an nan sikonskripsyon Pestel ak Jeremi. Menm sitiyasyon an poze pou Plato Santral la : KEP a va pibliye rezilta yo apre yo va fin reprann eleksyon an nan Boukan Kare ak Savanette.

2.- Rezilta pou Depatman Nò poko parèt non plis ann atandan eleksyon refèt nan Acul du Nord, Dondon, Saint Raphael, Grande Riviere du Nord, Plaisance ak Port Margot.

------------------------------------------------------------

Eleksyon pou Pòs Depite yo--

* Depatman Atibonit : Eleksyon an ap refèt nan Sen Mak, Verettes, Petite Rivere de L'Artibonite, Grande-Saline, ak Desdunes.

* Pou Depatman Sant : Eleksyon yo ap reprann nan Sikonskripsyon Boucan Carré, Savanette/Quartier Baptiste.

* Nan Depatman Grand Ans: Eleksyon pou pòs depite yo ap reprann nan vil Jeremie, sikonskripsyon Roseau ak Pestel.

* Nan Depatman Nòdwès : Eleksyon an ap refèt nan sikonskripsyon Mole Saint-Nicolas sèlman.

* Nan Depatman Nò: Eleksyon an ap refèt nan sikonskripsyon elektoral sa yo: Acul du Nord, Grande Riviere du Nord, Bahon, Saint Raphael, Dondon, Port Margot ak Plaisance.

* Nan Depatman Lwès: Eleksyon an ap refèt pou Premye Sikonskripsyon Pòtoprens la, Cite Soleil, Gressier, Cornillon, Arcahaie ak Cabaret.

* Nan Depatman Sid-Ès : Eleksyon an ap refèt nan sikonskripsyon Marigot sèlman.

* Nan Depatman Sid : Eleksyon an ap refèt pou sikonskripsyon Port-à-Piment sèlman.

KEP a pibliye rezilta eleksyon yo nan moman kandida a la prezidans yo ap siyonnen depatman jewografik yo pou yo chache jwenn apui elektè yo pou pwogram yo genyen pou devlopman peyi a.

-----------------------------------------------------

Anfen, lajistis nan Mirbalè libere 3 kandida pou pòs depite ki te ale nan prizon pou swadizan responsablite yo nan dezòd ki te fèt apre dewoulman premye tou eleksyon lejislatif 9 out 2015 la. Sepandan korespondan nou Jean Christophe Collègue di nou akize yo gen pou yo peye yon amand.

XS
SM
MD
LG