Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama devan Asanble Jeneral Nasyon Zini an Lendi 28 Septanm 2015 la


Prezidan ameriken an, Barack Obama, pral ensiste sou enpòtans diplomasi ak aksyon kolektif lè li va pran lapawòl, nan jounen lendi a, devan asanble jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an nan New York kote li pral atire atansyon tou sou efò Lèzetazini ap dirije pou tabli lapè nan Mwayen Oryan an. Daprè yon ofisyèl an La Mezon Blanch, misye Obama pral pale tou de akò 6 puisans mondyal fèk jwenn sou pwogram nikleyè iranyen an kòm yon egzanp ki montre "kisa kowoperasyon entènasyonal ka reyalize lè peyi yo oblije rann kont pou vyolasyon dwa entènasyonal yo komèt e lè yo sèvi ak yon diplomasi disipline pou yo atenn objektif yo."

Prezidan Obama pral poze tou pwoblèm ki makònen ak sitiyasyon an nan Siri avèk yon apèl lap lanse pou l mande yon fizyon ant efò militè pou fè fas ak militan gwoup Eta Islamik la, avèk yon angajman tout gouvènman pou yo chache e apiye yon solisyon politik nan peyi Siri ke lagè fin ravaje. Otorite yo nan Administrasyon Obama pale plizyè fwa deja pou yo di yon tranzisyon konsa pap janm reyalize toutotan prezidan siryen an, Bashar al-Assad, rete sou pouvwa a.

Pòtpawòl Mezon Blanch la, Josh Earnest, di li atann ni aske prezidan ameriken an soulve pwoblèm siryen an lè li va rankontre ak prezidan ris la, Vladimir Putin, nan koulis asanble jeneral l'ONU an nan New York nan menm jounen lendi-a. Daprè misye Earnest toujou, sitiyasyon an nan Ikrèn va nan tèt chita-tande somè sa a kote Misye Obama pral fè presyon sou Misye Putin pou l respekte angajman li te pran nan yon rankont entènasyonal ki te dewoule nan vil Minks.

Nan mesaj prezidan Obama pral mete devan asanble jeneral la, La Mezon Blanch di li pral voye je sou listwa resant' la pou l montre "nasyon yo reyisi lè yo travay ansanm, men yo vin pi fèb --jiskaske finalman yo echwe-- lè yo sèvi ak agresyon pou yo chache rezoud pwoblèm yo."

Prezidan Obama twouve li depi dimanch nan New York kote li te patisipe nan seremoni kloti somè l'ONU sou Devlopman Dirab la. Nan mesaj li mete devan patisipan yo, li deklare lidè mondyal yo gen anpil travay pou yo fè toujou anvan pou yo elimine lamizè ekstrèm nan lemond.

" Kounyela a menm, gen 800 milyon gason, fanm ak timoun kap viv ak mwens pase yon dola 25 pa jou. Nou ka konprann sa? Moun sa yo ap tòde anba yon vant vid kap fè yo mal. Plizyè milya kretyen-vivan parèy nou ap kouri risk pou yo mouri anba maladi ke nou kapab trete. Anpil timoun mouri paske tou senpleman yon marengwen mòde yo. E sa se yon eskandal e yon wont moral. Se yon enjistis san parèy."

XS
SM
MD
LG