Accessibility links

Breaking News

Etazini: Pap Francois Retounen nan Vatikan Apre yon Vizit Pastoral nan Kiba ak Etazini


Pope Francis nan yon rankont ak laprès nan avyon Al Italia pandan li te sou wout poul retounen ann Itali. (Foto: Tony Gentile/Pool Photo via AP).
Pope Francis nan yon rankont ak laprès nan avyon Al Italia pandan li te sou wout poul retounen ann Itali. (Foto: Tony Gentile/Pool Photo via AP).

Pap Franswa rive nan vil Wòm, ann Itali, apre yon toune pastoral 10 jou ki te mennen li nan peyi Kiba ak Lèzetazini. Souvren Pontif la mete fen nan toune ameriken li a nan vil Filadelfi kote li patisipe nan 8èm edisyon Rankont Mondyal Fanmi Katolik yo. Nan mesaj li mete devan manm fanmi ki te reyini pou okazyon an, chèf Legliz Katolik la atire atansyon sou wòl fanmi yo jwe nan sosyete a. Kolarobatè nou Jacquelin Belizaire, ki te fè deplasman nan Filadelfi, di nou Pap Franswa te selebre yon mès pou plizyè santèn milye fidèl ak pèlren kòm dènye aktivite ki te sou pwogram vizit li a Ozetazini.

09-28-15 Nouvèl sou Vizit Pap la Ozetazini
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:16 0:00
Direct link

XS
SM
MD
LG