Accessibility links

Breaking News

Chòk Politik nan Washington : Prezidan Chanm Depite a, John Boehner, Anonse Demisyon l.


Prezidan Chanm Depite a, John Boehner, pandan li tap kite yon konferans pou laprès sou Kapitòl la, nan Washington, nan jounen vandredi 25 septanm 2015 la, aprè li te fin anonse kòlèg repibliken l yo li pral bay demisyon l nan fen mwa oktòb la (Foto: AP Photo/Steve Helber).
Prezidan Chanm Depite a, John Boehner, pandan li tap kite yon konferans pou laprès sou Kapitòl la, nan Washington, nan jounen vandredi 25 septanm 2015 la, aprè li te fin anonse kòlèg repibliken l yo li pral bay demisyon l nan fen mwa oktòb la (Foto: AP Photo/Steve Helber).

Prezidan Chanm dè Reprezantan Lèzetazini an, John Boehner (Repibliken Eta Ohio) bay tout moun nan Washington e atravè peyi a yon gwo chòk nan mitan jounen vandredi 25 septanm 2015 la avèk yon anons-sipriz li fè kote li di non sèlman lap bay demisyon l kòm Prezidan Chanm Depite a (youn nan pozisyon ki gen plis pouvwa nan gouvènman ameriken an), men an menm tan lap kite pòs li kòm Reprezantan Eta Ohio nan fen mwa d oktòb pwochen an.

Anons-sipriz sa a vini yon jou apre Pap Franswa te fè listwa avèk prezantasyon yon mesaj devan tou le 2 chanm kongrè ameriken an reyini sou envitayon Misye Boehner –se premye pap ki gen okazyon fè sa nan tout istwa rapò ant Lèzetazini ak Vatikan an. Depite Ohio a, ki se yon katolik devwe e 100 pou 100 relijye, te gen okazyon envite 3 pap pou yo pran lapawòl devan palmantè ameriken yo; men li tap gen pou l rete tann 20 tan anvan pou l wè youn nan yo aksepte envitasyon an. Li reyaji pou l di:

“Sa se yon gwo kokenn afè pou yon ti bway katolik.”

Pandan Pap la tap pale, Misye Boehner te souye dlo nan je li.
Pandan Pap la tap pale, Misye Boehner te souye dlo nan je li.

Misye Boehner te kriye san l pat kache figi li pandan Souvren Pontif la tap pale a; e dlo te koule nan je l ankò pandan li te kanpe bò kote pap la sou balkon Prezidan Chanm nan pou chèf Legliz Katolik la te salye foul la.

Se sanzatann John Boehner anonse li pral bay demisyon li nan yon rankont ak tout pòt fèmen li te fè avèk palmantè repibliken parèy li yo. Kèk nan manm ki pi konsèvatè nan pati li a te menase pou yo defye li kòm Prezidan Lachanm nan paske, daprè yo, li twò dispoze fè konpwomi avèk Demokrat yo. Nan tèt mouvman sa a nou jwenn Depite Mark Meadows (Kawolin di Nò) ak kèk lòt manm yon gwoup palmantè iltra-konsèvatè ki rele “The House Freedom Caucus.”

Aprè rankont Misye Boehner te fè ak kòlèg repibliken li yo, li te anile yon konferans pou laprès li te sipoze bay nan kòmansman jounen an. Lè li te deside pale ak jounalis yo finalman nan apremidi, moun te ka wè sou figi li sete deja yon moun soulaje. Li te mache antre nan stidyo Lachanm nan pandan li tap chante chanson Disney ki di: "Zip-a-Dee-Doo-Dah."

Sepandan li pat pran tan pou l kite emosyon anvayi li, yon bagay moun ka konprann trè byen si yo sonje John Boehner pase preske 25 kan nan Chanm Bas Kongrè a -5 ladan yo kòm Prezidan kò a. Pandan li tap fè efò pou l pat kite dlo sòt nan je l ankò, li deklare: “Sete yon gwo kokenn chenn onè pou mwen pou m te sèvi nan enstitisyon sa a.”

San Misye Boehner pa lonje dwèt sou pèsonn moun ni gwoup moun an patikilye, li eksplike pou ki rezon lap kite Kongrè a:

“Premye devwa mwen kòm Prezidan Lachanm, se pwoteje enstitisyon sa a. Li parèt klè nan je mwen ke yon chirepit pwolonje pou lidèchip chanm nan ta kapab koze dega ireparab pou enstitisyon an.”

XS
SM
MD
LG