Accessibility links

Breaking News

Pap Franswa Pran Lapawòl devan 2 Chanm Kongrè Ameriken an Reyini


Pap Franswa ap pan lapawòl devan 2 chanm Kongrè ameriken an reyini nan Washington. Se yon fè istorik, paske se premye Souvren Pontif ki fè nan istwa rapò Lèzetazini ak Vatikan an. Dèyè pap la: Vis Prezidan Joe Biden (a goch) ak Prezidan Chanm Depite a, John Boehner. (Foto: 24 septanm 2015).
Pap Franswa ap pan lapawòl devan 2 chanm Kongrè ameriken an reyini nan Washington. Se yon fè istorik, paske se premye Souvren Pontif ki fè nan istwa rapò Lèzetazini ak Vatikan an. Dèyè pap la: Vis Prezidan Joe Biden (a goch) ak Prezidan Chanm Depite a, John Boehner. (Foto: 24 septanm 2015).

Jedi 24 septanm nan, 2èm jounen an plen sou pwogam vizit Pap Franswa Ozetazini, li pran lapawol devan manm Sena amekiken an ak Chanm dè Reprezantan an ki te reyini nan Kongrè a pou koute mesaj li. Daprè kèk obsèvatè, Souvren Pontif la pale san zanbaj sou kèk pwoblèm enpòtan ki poze nan lemond jounen jodi a --pwoblèm tankou, pa egzanp, kriz refijye Mwayen Oryan an, chanjman klimatik yo epi eksè yon sistèm kaptalis ki, daprè li, ap vale teren san moun pa pran tan pou yo poze kesyon e mande eske se yon sistèm kap bay bon rezilta, oubyen yon sistèm kote sila yo ki rich ap vin pi rich, e sila yo ki pòv ap vin pi pòv.

Nan mesaj sa a –kote Chèf Legliz Katolik la touche anpil pwen enpòtan nan aktyalite a atravè lemond-- li rann omaj pou 4 pèsonalite istorik diferan, pitit Lèzetazini li konsidere kòm « 4 reprezantan veritab pèp ameriken an » ki te lite pou yon sosyete ak yon mond ki genyen plis jistis e kote gen plis egalite ant lèzòm ; li site pa egzanp

  • Abraham Lincoln (ki te goumen pou libète),
  • Martin Luther King, Jr. (ki te dijire mouvman dwa sivik la pou sosyete amerikèn nan te genyen libète nan pliralite e san eksklizyon) ;
  • Sè Dorothy Day (ki te batay pou jistis sosyal ak respè dwa tout moun) ;
  • avèk Thomas Morten (ki te montre enpòtans ak kapasite dyalòg ak rekonsilyasyon, epi relasyon ak Bondye).

Pou Pap Franswa fini mesaj li a devan 2 chanm kongrè ameriken an, li pwononse mo sa yo:

« Avèk deklarasyon mwen fè la yo, mwen eseye prezante kèk nan richès ki genyen nan patrimwàn kiltirèl Lèzetazini an e nan lespri pèp ameriken an. Mwen ta renmen wè lespri sa a kontinye devlope e grandi, yon fason pou pi gwo kantite jèn ameriken posib la kapab eritye e viv nan yon peyi ki enspire tèlman moun pou yo reve epi reyalize rèv yo.

Se pou Bondye Beni Lèzetazini d Amerik. »

XS
SM
MD
LG