Accessibility links

Breaking News

Etazini-Vatikan: Premye Jounen Konplè Pap Franswa nan Washington, D.C.


Pap Franswa nan konvèsasyon avèk Prezidan Barack Obama ki te gen avèk li Premyè Dam amerikèn nan, Michelle Obama, apre Souvren Pontif la te debake nan Baz Ayeryèn Andrews la nan Eta Maryland, nan apre-midi jounen madi 22 septanm 2015 la.
Pap Franswa nan konvèsasyon avèk Prezidan Barack Obama ki te gen avèk li Premyè Dam amerikèn nan, Michelle Obama, apre Souvren Pontif la te debake nan Baz Ayeryèn Andrews la nan Eta Maryland, nan apre-midi jounen madi 22 septanm 2015 la.

Pap Franswa ap pase, mèkredi 23 septanm 2015 la, premye jounen konplè li nan Washington D.C. nan kad yon vizit ofisyèl Ozetazini kap mennen li tou nan 2 lòt vil, New York ak Filadèlfi. Nan kòmansman jounen an Pap la pral rankontre ak Prezidan Barack Obama nan La Mezon Blanch; ansuit li gen pou l kanonize yon misyonè espayòl ki te viv nan 18èm syèk la, an palan de pè fransisken Junìpero Serra, ki te simaye pawòl Levanjil la epi ranfòse travay Legliz Katolik nan rejyon peyi a ki rele Kalifòni jounen Jodi a.

Lè Souvren Pontif la te debake nan baz militè Andrews la, nan Eta Maryland, tou prè Washington, nan aprè-midi jounen madi a --aprè li te fin pase 3 jou nan peyi Kiba-- Prezidan Barack Obama ak Madanm li, Michelle, mete sou Vis Prezidan Joe Biden ak Madanm li, Jill Biden, te prezan sou plas pou swete li la byenveni. Aprè sa, yon kotèj ofisyèl te mennen Chèf Legliz Inivèsèl la nan misyon dipliomatik Vatikan an; pap la te pito fè deplasman an nan yon senp machin Fyat olye de limouzin tradisyonèl pwotokòl la abitye rezève pou yon diyitè tankou li nan sikonstans sa a.

Pap Franswa pale plizyè fwa pou l di kijan li apresye le fèt ke plizyè milyon sitwayen ameriken apiye pozisyon li pran sou nesite pou lemond konbat lamizè, inegalite nan lajan gason ak fanm ap touche pou menm travay la, yon kapitalism kap fonksyone san reponn kesyon pou konnen èske se yon sistèm kap mache byen ou pa, ak opinyon li eksprime piblikman sou chanjman klimatik yo. Yon militant nan domèn pwoteksyon anviwonnman an, ki prezante tèt li sèlman kom Lynn, bay Lavwadlamerik apresyasyon li sou travay Pap la fè nan domèn nan. Madanm Lynn di :

"Pap la se sèl lidè mondyal kap di laverite sou kesyon chanjman klimatik yo ; e pou sa mwen panse se 60 pou san popilasyon mondyal la ki respekte li. Li genyen yon mesaj ke moun renmen tande; se yon langaj trè dirèk, e mwen kontan li pral pran lapawòl devan otorite eli nou yo."

Madanm Lynn fè alizyon ak le fèt ke, pi ta pandan sejou Pap la nan Washington -pi presizeman nan kòmansman jounen jedi 24 septanm 2015 la- li pral adrese l ak manm kongrè ameriken an devan tou lè 2 chanm yo reyini. Se premye pap ki gen okazyon fè sa nan tout listwa relasyon ant Vatikan an ak Lèzetazini.

Pa lontan aprè Souvren Pontif la te debake nan kapital amerikèn nan madi, pòtpawòl Vatikan an, Reveran Federico Lombardi, te bay yon konferans pou laprès sou vizit la. Reveran Lombardi deklare:

"Tankou nou konnen sa deja, se premye fwa Pap la vini isit la; e, daprè mwen, sa ba li yon atitid imilite, respè ak enterè ; paske, si li pral pale, an menm tan tou li pral aprann, e mwen kwè rankont sa a se yon bèl eksperyans pou li. Pap la toujou pale de kilti ki makònen ak rankont diferan moun, rankont ant diferen kilti, elatriye. Pou li se yon gwo okazyon pou yon nouvèl rankont. Nan sans sa a mwen panse atitid li se konpòtman yon moun ki vin bay, men ki pa vin pran sèlman.”

Aprè kapital Lèzetazini an, Pap Franswa prale New York kote, antwòt, li gen pou l pran lapawòl devan Asanble Jeneral l'ONU an, epi nan Filadelfi kote li pral patisipe nan konferans fanmi katolik mondyal yo.

XS
SM
MD
LG