Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Pare pou L Resevwa Premye Vizit Pap Franswa


Dapro Vatikan an (drapo papal la) ap flote bò kote drapo ameriken an nan yon gran ri ki rele West Executive Avenue, tou prè La Mezon Blanch nan Washington, D.C. (Foto AP/Andrew Harnik, Lendi 21 septanm 2015).
Dapro Vatikan an (drapo papal la) ap flote bò kote drapo ameriken an nan yon gran ri ki rele West Executive Avenue, tou prè La Mezon Blanch nan Washington, D.C. (Foto AP/Andrew Harnik, Lendi 21 septanm 2015).

Pap Franswa pral antre Ozetazini madi 22 septanm 2015 la aprè li va fin selebre 3èm e dènye mès li nan peyi kominis Kiba, ki nan Karayib la. Souvren Pontif la pral chante yon mès nan chapèl Sent Patwòn Kiba a, Vyèj La Charite de Cobré, ke l te vizite aprè li te debake nan vil Sanntyago de Kiba nan jounen lendi a. Pap la di :

"Manman rekonsilyasyon an, rasanble pèp ou a ki gaye tou patou atravè lemond. Fè peyi Kiba tounen yon kay pou frè ak sè nou yo yon fason pou pèp sa a kapab ouvè lespri li, ouvè vi li, ouvè kè li byen gran bay Kris la ki se sèl Sovè e sèl Redanmtè nou."

Pap Franswa te rive nan Sanntyago de Kiba aprè li te fin selebre yon mès pi bonè nan jounen lendi a nan vil Holguin, ki nan pati lès peyi a e kote li te mande plizyè milye moun ki te reyini pou mès la: "Lanse envitasyon bay Jezi pou l elimine nan nou rezistans nou genyen kont chanjman."

Yon komite disidan ki rele "Komisyon Kibèn pou Dwa Moun ak Rekonsilyasyon Nasyonal" estime otorite yo te arete yon afè de 50 disidan pou yo pat asiste aktivite ki sou pwogram vizit pap la nan Kiba ; men yo te lage pi fò nan yo nan kèk èdtan.

Ozetazini, Prezidan Barack Obama ak madanm li, Michelle Obama, pral mete ansanm ak Vis Prezidan Joe Biden ak madanm li, Jill Biden, pou yo resevwa Pap Franswa lè l va debake nan baz militè Andrews la, nan Eta Maryland, tou prè Washington, nan fen jounen madi a. Souvren Pontif la ak otorite yo nan Vatikan te jwe wòl prensipal la nan negosyasyon sekrè ki te dewoule pandan plizyè mwa ant gouvènman ameriken an ak gouvènman kiben an e ki te debouche sou anons Prezidan Obama ak Prezidan Raul Castro te fè, nan fen ane pase a, pou yo anonse retablisman relasyon diplomatik ant Lèzetazini ak Kiba pou la premyè fwa nan 53 zan.

XS
SM
MD
LG