Accessibility links

Breaking News

Etazini-Prezidansyèl : Kandida Repibliken Donald Trump ak Ben Carson Devan nan Sondaj yo


Kandida pou pòs prezidan ameriken an, Ben Carson (agoch) ak Donald Trump (adwat) pandan yo tap patisipe nan premye rankont-deba repibliken yo ane sa a, nan vil Cleveland, nan Eta Ohio, nan dat 6 zout 2015 la.
Kandida pou pòs prezidan ameriken an, Ben Carson (agoch) ak Donald Trump (adwat) pandan yo tap patisipe nan premye rankont-deba repibliken yo ane sa a, nan vil Cleveland, nan Eta Ohio, nan dat 6 zout 2015 la.

Ozetazini, 2 nouvo vini nan zafè politik --milyadè e gwo antreprenè imobilye Donald Trump ak ansyen chirijyen sèvo Ben Carson-- vini an tèt nan yon dènye sondaj ki fèt pami moun ki kandida pou ranpòte nominasyon Pati Repibliken an pou kous a la prezidans ane 2016 la.

Nan moman gwoup kandida sa a, ki genyen 16 moun ladan n, ap pare pou yo patisipe nan yon rankont-deba ki pral dewoule mèkredi swa, yon sondaj chèn televizyon CBS ak jounal New York Times pibliye nan kòmansman jounen madi a, montre Donald Trump --yon mesye chèlbè e gran panpan-- genyen 27 pousan entansyon vòt yo, tandiske Misye Carson ranpòte 23 pou san. Ansyen gouvènè Eta Florid la, Jeb Bush (pitit yon prezidan epi frè yon prezidan) jwenn 6 pou san, sètadi li bese pa rapò ak rezilta yon sondaj ki te fèt nan kòmansman mwa dout la kote li te benefisye 13 pousan entansyon vòt yo, tandiske kòt popilarite Ben Carson anrejistre yon ogmantasyon 6 pou san. Nan kan demokrat la, Hillary Clinton kontinye mennen nan sondaj yo kote li vini devan gouvènè Eta Vermont la, Bernie Sanders.

Daprè rezilta yon lòt sondaj chèn televizyon ABC ak jounal Washington Post reyalize,56 pou san elektè ameriken ki enskri pou yo vote deklare yo pa konsidere Donald Trump kòm yon moun ki kaifye pou l okipe pòs prezidan Lèzetazini.

XS
SM
MD
LG