Accessibility links

Breaking News

11 Septanm 2001 - 11 Septanm 2015 : Sa Gen 14 zan Teworis te Atake Lèzetazini


Prezidan Barack Obama, Premyè Dam Michelle Obama ak kèk manm pèsonèl La Mezon Blanch pandan yo tap obsève yon moman silans a 8:45 di maten, nan jounen 11 septanm 2015 la pou yo onore viktim atak 11 septanm 2001 yo. (Foto: 11 septanm 2015, sou Lakou palè nasyonal Lèzetazini an).
Prezidan Barack Obama, Premyè Dam Michelle Obama ak kèk manm pèsonèl La Mezon Blanch pandan yo tap obsève yon moman silans a 8:45 di maten, nan jounen 11 septanm 2015 la pou yo onore viktim atak 11 septanm 2001 yo. (Foto: 11 septanm 2015, sou Lakou palè nasyonal Lèzetazini an).

Jounen vandredi 11 septanm 2015 la fè 14 zan jou pou jou depi teworis te atake Lèzetazini. Pwogram ofisyèl divès seremoni souvni gen pou dewoule pou raple jou 11 septanm sila a, nan lane 2001, kote teworis te utilize 4 avyon komèsyal pou yo atake vil New York, vil Washington DC, ak yon ti vil ki rele SHanksville, nan Eta Pennsilvani. 2 nan 4 aparèy yo t'al kraze sou 2 tou World Trade Center la, nan Manhattan, New York; yon lòt te tonbe sou katye-jeneral Pentagòn nan, nan kapital peyi a, Washington; epi yon 4èm te tonbe sou yon plantasyon nan Shanksville, anvan li te atenn objektif li ki, san di pètèt, te vil Washington.

Fanmi viktim yo nan New York pral reyini nan jounen vandredi a pou yo asiste yon seremoni kote klòch pral sonnen pandan yo pral li non moun ki te mouri nan atak teworis sou World Trade Center la. Pandansetan, byen bonè nan kòmansman jounen an nan Washington, Prezidan Barack Obama ak madanm li, Michelle, ansanm ak manm pèsonèl La Mezon Blanch-la, obsève yon moman silans sou gazon ki nan lakou palè a, pi presizeman a 8 tè 45, lè premye avyon an t al frape nan youn nan 2 building World Trade Center la. Nan aprè-midi, Prezidan an pral patisipe nan yon rankont kominotè nan Fort Meade, yon baz militè nan Eta Maryland, tou prè kapital la, an prezans manm lame amerikèn nan, kote Misye Obama pral pale ak militè sa yo (gason kou fanm) kap travay pou garanti sekirite Lèzetazini.

Anvan meeting kominotè sa a, yon seremoni prive pral dewoule nan lamatine nan Pentagòn nan pou manm fanmi moun ki te mouri nan atak sou lokal Depatman Defans la. Yon lòt kote, nan aprè midi --toujou nan Pentagòn nan--minis defans ameriken an, Ash Carter, pral dirije yon seremoni piblik. Anfen, nan vilaj Shanksville, nan pati lwès Eta Pennsilvani, yon seremoni ofisyèl pral dewoule pou inogire yon mozole nasyonal kap sèvi kom yon sant-de-vizit; yo bati li an memwa pasaje ak manm ekipaj avyon United Airlines, vòl 93, ki te goumen ak teworis ki te detounen aparèy la, pou yo pat kite yo al kraze li sou yon building federal nan Washington.

Depi atak teworis 11 septanm 2001 an, otorite ameriken yo bati yon mize nan anplasman 2 tour World Trade Center la nan New York, kote yo ekspoze foto ak oeuvre-d'art ki gen rapò ak zak teworis la. Nan Pantagòn nan, yo enstale 184 ban alantou 2 zou 3 pisin, pou onore 184 moun ki te pèdi lavi yo jou sa a nan lokal Depatman Defans la. Kalkil ki fèt sou kantite viktim atak la fè an tou nan Washington, New York ak Pennsilvani montre preske 3 mil moun te pèdi lavi yo nan jounen 11 septanm 2001 an.

XS
SM
MD
LG