Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Prezidan KEP a, Pierre Louis Opont, Rejte Apèl pou l Bay Demisyon n


Logo KEP a
Logo KEP a

Ann Ayiti, prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa a, Pierre Louis Opont, ki t ap rankontre ak laprès jedi 10 septanm 2015 la, rejte apèl yon gwoup pati politik ak kandida lanse pou mande l bay demisyon n epi pou KEP a anile eleksyon lejislatif 9 dawout 2015 la. Msye Opont, ki pale de menas li menm ak lòt manm konsèy la ap resevwa depi kèk tan deja, konfime eleksyon prezidansyèl la, 2èm tou lejislativ yo, ak eleksyon lokal yo ap dewoule nan dat 25 oktòb la, jan kalandriye elektoral la prevwa l la. Lidè KEP a pale konsa nan moman pwotestatè yo anonse yon jounen manifestasyon pou jounen vandredi 11 septanm nan devan yon otèl kote manm konsèy elektoral la ap rankontre kandida k ap patisipe nan pwochen eleksyon yo.

Nouvèl Ayiti pou vandredi 11 septanm 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:17 0:00
Direct link

Mèt Jean Gedeon, youn nan responsab Sant Analiz ak Rechèch an Dwa De Lòm, ki te obsève dewoulman eleksyon yo ak lòt òganizasyon lokal, kwè li nesesè pou Konsèy Elektoral Pwovizwa a swiv rekòmandasyon li resevwa yo (rekòmandasyon ki mande, pa egzanp, pou KEP a fè evalye eleksyon yo) si li vle eleksyon prezidansyèl 25 oktòb la byen dewoule e debouche sou yon siksè.

XS
SM
MD
LG