Accessibility links

Breaking News

Pap Franswa ap Anonse Chanjman nan Règleman sou Divòs


Pope Francis arrives to lead a mass marking World Day of Prayer for the Care of Creation in Saint Peter's Basilica at the Vatican, Sept. 1, 2015.
Pope Francis arrives to lead a mass marking World Day of Prayer for the Care of Creation in Saint Peter's Basilica at the Vatican, Sept. 1, 2015.

Vatikan an anonse Pap Franswa pral bay detay, nan jounen madi 8 septanm 2015 la, sou chanjman nan doktrin katolik la ki ka fè l vin mwen difisil pou Legliz anile yon maryaj. Nouvo règleman yo sòti nan travay yon komisyon Souvren Pontif la te fòme sa gen yon lane pou senplifye pwosedi yo pandan lap sovgade "prensip ki vle ke maryaj se yon sakreman ki pa kapab kraze." Doktrin katolik la pa rekonèt divòs, e legliz la konsidere manm li yo ki divòse epi ki remarye ap viv nan peche e yo pa gen dwa resevwa lakominyon ni lòt sakreman yo.

Daprè règleman ki an plas jiskaprezan yo, yon tribinal relijye oblije jwenn premye maryaj la te destine pou l echwe kanmèm. Rezon yo kapab varye: sòti nan mank matirite koup la, pou rive nan le fèt ke yo pat konprann maryaj se yon angajman pou tout lavi, an pasan, antwòt, pa le fèt ke youn nan 2 moun yo pat vle gen pitit.

Fidèl katolik yo gen lontan depi yap plenyen pou di sa pran twòp tan (pafwa plizyè ane) pou legliz anile yon maryaj. Daprè yo, règleman aktyèl yo tèlman pase e depase --yo tèlman konplike tou-- sa dekouraje moun pou yo ta menm ale dèyè anilasyon yon maryaj, menm lè yo gen yon rezon lejitim pou sa.

XS
SM
MD
LG