Accessibility links

Breaking News

Ayiti/Edikasyon: Ouvèti Nòmal Ane Eskolè a Malgre Menas Grèv Sendika Anseyan yo


Ti elèv lekòl kap travay sou yon devwa nan Lekòl Evanjelik Bethesda nan Canaan, Ayiti. (Foto: 24 jen 2015.
Ti elèv lekòl kap travay sou yon devwa nan Lekòl Evanjelik Bethesda nan Canaan, Ayiti. (Foto: 24 jen 2015.

Premye Minis ayisyen an Evans Paul ouvè ofisyèlman ane eskolè 2015-2016 la lendi 7 septanm nan nan Petion-Ville malgre apèl sendika yo te lanse pou mande ranvwaye l. Nan okazyon an, chèf gouvènman an, ki mete aksan sou enpòtans edikasyon nan tout sosyete (sitou nan yon peyi kòm Ayiti), deklare «Lekòl se semans konesans, edikasyon se limyè lavi.»

Nouvèl Ayiti pou madi 8 septanm 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:10:46 0:00
Direct link

Yon lòt kote, kanpay pou eleksyon prezidansyèl, lejislatif ak lokal yo ap kòmanse ofisyèlman mèkredi 9 septanm 2015 la pou l fini 23 oktòb pwochen. Konsèy Elektoral Pwovizwa a modifye kalandriye a pou l pèmèt kandida yo jwenn plis tan pou yo mete pwogram yo devan votan potansyèl yo. KEP a espere plis elektè va patisipe nan pwochen vòt la kontrèman ak eleksyon lejislatif 9 dawout pase a kote nivo patisipasyon an te ba anpil.

Pwofesè Sauveur Pierre Etienne, kandida a la prezidans Oganizasyon Pèp K ap Lite (OPL), bay Jean Robert Philippe yon entèvyou kote li pale de fason l ap abòde kanpay la pami plis pase 50 kandida k ap chache ranplase Prezidan Michel Martelly sou pouvwa a. Nan menm entèvou sa a, Misye Pierre-Etienne rejte kategorikman tout apèl pou l ta antre nan yon kowalisyon ak objetif pou diminye kantite kandida a la prezidans yo, jan sektè pwotestan an fè sa a. Kandida OPL la di: " Mwen se yon lidè; e, pa definisyon, yon lidè pa swiv lòt moun."

Anfen, nan Depatman Nòdwès la, byenn avan ouvèti kanpay prezidansyèl, lejislatif ak lokal yo, antreprenè Jovnel Moises, kandida Pati Ayisyen Tèt Kale (PHTK) ankouraje elektora a al vote nan jounen 25 oktòb pwochen an. Nan Depatman Sant la, kandida ki te patisipe nan premye tou eleksyon lejislativ yo nan dat 9 out pase a manifeste pou yo mande Konsèy Elektoral la evalye eleksyon sa a avan li pibliye rezilta yo.

XS
SM
MD
LG