Accessibility links

Breaking News

Etazini/Jistis: Prizon Pou yon Grefye ki Refize Siyen Ak Maryaj pou Omoseksyèl


Nan jounen jedi 3 septanm 2015 la, Sant Detansyon Awonndisman Carter, nan Eta Kentucky, pibliye foto Madam Kim Davis, yon grefye ki ale nan prizon nan menm jou a poutèt li refize siyen ak maryaj pou omoseksyèl.
Nan jounen jedi 3 septanm 2015 la, Sant Detansyon Awonndisman Carter, nan Eta Kentucky, pibliye foto Madam Kim Davis, yon grefye ki ale nan prizon nan menm jou a poutèt li refize siyen ak maryaj pou omoseksyèl.

Ozetazini, yon jij federal nan eta Kentucky, nan sant peyi a, pase lòd pou yon grefye ale nan prizon pou sa yo rele nan langaj jiridik la "Injure à la cour", sètadi « mank dega pou yon tribinal » oubyen "mepri pou lajistis", paske li refize obeyi lòd pou l bay yon koup omoseksyèl yon ak de maryaj.

Grefye vil Rowan, Madam Kim Davis, defye yon desizyon Kou Siprèm Lezetazuni te adopte lè li te derefize siyen sètifika pre-maryaj pou omoseksyèl yo; paske, daprè li, sa ta vyole kwayans li kòm yon fidèl Legliz de Dye. Men Jij David Bunning di, an tan ke yon otorite ki la pou aplike e fè aplike tout lwa ki an vigè sou tout tèritwa ameriken an (san bliye lwa Kou Siprèm nan te vote, nan dat 26 jen 2015 la, pou l rekonèt maryaj omoseksyèl la), li pa gen lòt chwa eksepte mete madanm nan prizon; paske, si li fè Madam Davis peye yon amand tou senpleman, sa pa pral fè li chanje konpòtman.

Akoz refi grefye a pou l siyen ak maryaj pou 2 fi oubyen 2 gason, tout travay te bloke nan tribinal la pandan plizyè jou. Sepandan blokis sa a leve avèk desizyon 5 asistan Madam Davis pran pou yo aplike lalwa, sètadi siyen ak maryaj pou tout moun kèlkeswa oryantasyon seksyèl yo.

XS
SM
MD
LG