Accessibility links

Breaking News

Lewòp Devan Yon Gwo Dilèm : Jwenn yon Solisyon pou Pwoblèm Refijye a.


Migran ki tap pwotestes devan yon tren nan estasyon Bicske a, nan La Ongri, nan kòmansman jounen vandredi 4 septanm 2015 la.
Migran ki tap pwotestes devan yon tren nan estasyon Bicske a, nan La Ongri, nan kòmansman jounen vandredi 4 septanm 2015 la.

Ann Ewòp, dirijan politik yo ap eseye rezoud divizyon ki egziste antre yo sou kesyon refijye kap chache azil sou kontinan an epi jwenn yon plan jist e ekitab pou yo fè fas ak dilèm sa a ki preske depase yo.

Pa egzanp, nan kòmansman jounen vandredi 4 septanm 2015 la, yon gwoup imigran tonbe nan lese-frape ak lapolis nan yon estasyon tren nan peyi La Ongri. Pandansetan, plizyè santèn -pou n pa di plizyè milye lòt- oblije kite pa la fòs kèk tren yo te pran daso nan menm peyi La Ongri, paske yo te panse tren sa yo ta prale nan Ewòp de Lwès, pi presizeman nan peyi Lalmay; men, olye de sa, gen nan yo ki pran direksyon kèk kan refijye otorite ongwa yo te prepare pou imigran yo. Youn nan imigran sa yo se yon sitwayen siryen ki pale de sitiysayon li menm ak lòt yo ap viv depi yo rive nan La Ongri.

"Nou pa vle rete isit la pa la fòs. Yo ta dwe ban n dwa pou n di wi, nap rete, oubyen non, nou pap rete, e non pa fòse nou fè sa n pa vle. Kote libète nou ye la a?"

Sitwayen siryen sa a te pale a kondisyon pou non n pa site pou rezon sekirite. Pami imigran yo, genyen anpil fanm ak timoun. Yon siryèn, ki te pale tou sou menm kondisyon an, sètadi pou yo pa nonmen li, ensiste pou di otorite ongwa yo dwe kite l kontinye wout, paske destinasyon li se Lalmay :

"Yo pran nou, yo mete nou nan yon tren pou mennen nou nan peyi Lotrich; aprè sa yo mande nou kite tren an. Nou pa vle rete nan La Ongri. Se ann Almay nou bezwen ale."

Ann Almay --kote dam sa a ak plizyè milye lòt imigran ta renmen ale a-- otorite yo gen anpil preokipasyon pou sekirite etranje sa yo kap chache antre nan peyi a pa bann e pa pakèt. Kè-sote otorite alman yo vin ogmante aprè dife te pran nan yon azil pou refijye -dife ki blese 5 nan yo e gen youn ki twouve l nan yon eta grav.

XS
SM
MD
LG