Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Prezidansyèl / Konsansis sou yon Sèl Kandida pou Sektè Pwotestan an


Ann Ayiti, lidè sektè pwotestan an te reyini nan Pòtoprens nan jounen madi premye septanm 2015 la, pou yo chwazi yon sèl kandida pou reprezante sektè a nan eleksyon prezidansyèl 25 oktòb 2015 la. Premye rankont sa a debouche sou seleksyon 3 reprezantan ann atandan lidè yo deside kilès kap « candidat unique » sa a. 3 chwa pwovizwa yo tonbe sou (selon kantite vwa yo resevwa):

1.- Pastè Chavannes Jeune, kandida Pati Canaan ;

2.- Jounalis Clarens Renois, kandida UNIR (Union Nationale pour l’Intégrité et la Réconciliation) ;

3.- Jean Palerme Mathurin, Platfòm G-18.

Nouvèl Ayiti pou matine jounen mèkredi 2 septanm 2015 la.
please wait

No media source currently available

0:00 0:10:13 0:00

Yon lòt kote, nouvèl ki sòti Santo Domingo fè konnen direksyon jeneral sèvis imigrasyon Repiblik Dominikèn ta mete yon nimero a la dispozisyon popilasyon peyi a pou sitwayen yo itilize pou yo denonse imigran ilegal ki ta ap viv nan katye yo. Daprè kèk sous byen enfòme, sanble desizyon sa a ta vizie espesyalman imigran ki gen orijin ayisyèn. Sou nouvèl sa a nou gen reyaksyon ansyen Minis Ayisyen Kap viv a Letranje yo e ansyen Konsil Jeneral d Ayiti nan Santo Domingo, Edwin Paraison.

Anfen kandida ala prezidans Michelet Nestor, ki pale ak Lavwadlamerik, abòde divès pami pwoblèm Ayiti ap konfwonte jounen jodi a : yon ekonomi kote lajan nasyonal la --Goud la-- pa sispann pèdi fòs devan dola ameriken an, degradasyon anviwonnman an, feblès sektè agrikòl la, depòtasyon imigran ayisyen kap viv nan Repiblik Dominikèn, elatriye. Misye Nestor lanse apèl bay kominote entènasyonal la pou mande l pran o-serye kriz migran ayisyen yo ap viv nan peyi Panyòl la; paske, daprè li, pwoblèm sa a kapab debouche sou yon lòt « fenomèn boat people » si yo pa rive rezoud li a-tan.

XS
SM
MD
LG