Accessibility links

Breaking News

Chanjman Klimatik yo Menase Avni Lemond, daprè Prezidan Obama.


Prezidan Barack Obama (3èm sou lamen dwat) nan yon tablewonn avèk yon gwoup sitwayen natif-natal Eta Alaska nan Sant Konvansyon Dena’ina Civic, nan vil Anchorage, Alaska. (Foto: 31 out 2015).
Prezidan Barack Obama (3èm sou lamen dwat) nan yon tablewonn avèk yon gwoup sitwayen natif-natal Eta Alaska nan Sant Konvansyon Dena’ina Civic, nan vil Anchorage, Alaska. (Foto: 31 out 2015).

Prezidan ameriken an, Barack Obama, di li konsidere chanjman klimatik yo kòm "yon menas ijan e ki pa sispann grandi." Misye Obama pale konsa aprè li te debake nan Eta Alaska nan jounen lendi 31 out 2015 la, pou kòmansman yon konferans entènasyonal 3 jou kote patisipan yo pral atire atansyon sou pwoblèm anviwonnmantal yo.

Nan yon diskou lidè ameriken an pwononse nan konferans sa a -kap dewoule sou patwonaj Depatman Deta a sou pwoblèm anviwonnman an ap konfwonte nan rejyon Atik la-- li deklare chanjman klimatik yo ap vin pi grav avèk chak ane ki pase.

"Natirèlman, nou isit la jodi a pou n diskite sou yon defi ki pral defini syèk sila a plis ke okenn lòt defi. Map pale de yon menas ijan e ki pa sispann grandi -menas chanjman klimatik yo poze. Se chak jou nap vin konprann pi byen konsekans chanjman sa yo. Se aktivite lòm kap deranje klima a nan anpil fason e yon jan nou pat konprann anvan; se yon syans kap devlope, kap evolye rapidman. Li montre nou menas sa a --ki te lwen nou nan lepase-- vin pi pre nou pou l tounen yon menas prezan jounen jodi a."

Malgre Prezidan Obama apiye lide pou otorite yo pase a laksyon pou yo konbat chanjman klimatik yo, kèk gwoup militan kap defann anviwonnman an te fè manifestasyon deyò lokal kote konferans la ap dewoule a pou yo pwoteste kont desizyon gouvènman n nan fèk pran pou l otorize konpayi petwòl Shell al fè eksplorasyon gaz sou kòt Eta Alaska. Danielle Redmond se manm Rezo Aksyon pou Pwoteksyon Klima a nan Alaska. Li reponn kesyon laprès ki te mande pou kisa pwotestasyon sa a :

"Pwotestasyon se petèt yon mo wonflan, yon mo ki twò fò. Bagay yo pafwa pi konplike pase sa. Nou isit la pou n di prezidan an mèsi deske li soulve pwoblèm yo. Se yon bon bagay ; se yon bon depa. Men, se pa ase; nou bezwen plis ke sa toujou ; e sa n bezwen an dwe mache ansanm ak rechèch syantifik yo, ansanm avèk yon tranzisyon ki rann Lanati jistis."

Objektif rankont entènasyonal la -ki gen pou tèm "Konferans sou Glacier yo"- se ranfòse priz de konsyans lemond sou fason ogmantasyon tanperati yo nan rejyon Atik la gen konsekans sou rès planèt la e kisa lòm ka fè pou li korije sitiyasyon an.

XS
SM
MD
LG