Accessibility links

Breaking News

Pirataj Sekrè Komèsyal sou Entènèt la / Sanksyon Lèzetazini kont Lachin


Daprè yon repòtaj ki parèt nan kolòn jounal Washington Post byen ta dimanch 30 out 2015 la, Lèzetazini ap prepare l pou l reyaji kont aktivite espyonaj Lachin mennen sou entènèt la, avèk yon seri sanksyon kont moun ak konpapi nan peyi sa a ki benefisye de vòl sekrè komèsyal gras ak aktivite sa yo.

Jounal la, ki site kèk pwòch kolaboratè Prezidan Barack Obama, fè konnen administrasyon an poko deside aplike sanksyon yo, men li pap pan tan pou l fè sa. Nan dat premye avril 2015 la, prezidan ameriken an te siyen yon dekrè ki otorize Depatman Trezò a pran tout desizyon ki nesesè, an kolaborasyon ak Minis Jistis la e ak Sekretè Deta a, pou yo jele avwa epi bloke tranzaksyon tout moun ak tout konpayi ki ta mele nan espyonaj sou yon antite ameriken ou ki ta peye pou jwenn enfòmasyon sou operasyon yap mennen.

XS
SM
MD
LG