Accessibility links

Breaking News

Ayiti Deklanche Alèt Oranj Avan Pasaj Tanpèt Twopikal Erika


Tanpèt Tropikal Erika
Tanpèt Tropikal Erika

Responsab nan Sèvis Pwoteksyon Sivil la nan peyi dAyiti aktive Sant Operasyon Urjans la (COUN) nan moman tanpèt tropikal Erika ap vanse sou peyi a. Erika deja frape plizyè zile nan Karayib la tankou Pòtoriko, Gwadeloup ak La Dominik kote li fè plizyè dega. Responsab yo mande abitan k ap viv nan zòn frajil yo pou pran prekosyon.

Nouvèl Ayiti pou vandredi 28 out 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:00 0:00
Direct link

Yon lòt kote, Konsèy Elektoral Pwovizwa a ranvwaye pou yon dat endetèmine rankont li te gen pou l fè vandredi 20 dawout la ak pati politik e ak kandida ala prezidans yo pou l te diskite kesyon ki gen pou wè ak eleksyon lejislatif e prezidansyèl la. KEP a nan yon nòt pou la près la di se pou rezon teknik ki fè li ranvwaye rankont la. Pandanstan, BED Wes 1-an tande kèk kandida ki konteste rezilta vòt 9 dawout la malgre gen kèk kandida ki te chache gate seyans la. Yon group pati politik pami yo Pati Fanmi Lavalas ak Pitit Dessalin ajoute vwa yo ak lòt sektè k ap mande anilasyon eleksyon yo nan omwen 3 depatman.

Anfen, Lidè komunotè ayisyen yo nan pati santral Eta Florid reyaji pozitivman apre desizyon Depatman Sekirite Teritoryal Lèzetazini deside pwolonje pou 18 mwa Stati Pwoteksyon Tanporè a pou imigran ayisyen ki kalifye yo.

XS
SM
MD
LG