Accessibility links

Breaking News

Fen Out 2005 - Fen Out 2015: Lèzetazini ap Make 10èm Anivèsè Siklòn Katrina


Inondasyon te anvayi vil Nouvèl Òleyan apre Siklòn Katrina te frape vil la nan kòmansman jounen lendi 29 out 2005. (Foto: AP/Eric Gay).
Inondasyon te anvayi vil Nouvèl Òleyan apre Siklòn Katrina te frape vil la nan kòmansman jounen lendi 29 out 2005. (Foto: AP/Eric Gay).

Semèn sa a fè 10 zan depi siklòn Katrina te fè gwo dega ak anpil viktim nan eta ameriken Lwizyàn, sitou nan vil Nouvèl Òleyan. Katrina te frape Nouvèl Òleyan nan dat 29 out 2005, li te kraze pon-levi ki pwoteje vil l a e li lakoz dlo kouvri 80 pou san vil la.

Lapli ki te pote gwo lavalas ak van ki tap soufle a 280 kilomèt a-lè te sakaje vil la ki se rezidans pi fò nan mil 800 moun ki te pèdi lavi yo nan siklòn nan, tandiske yon milyon lòt te oblije kite zòn kote yo tap viv la ; genyen ki te al echwe jous nan Eta Tegzas. Katrina te koze dega pou plis pase 135 milya dola, sa ki fè l reprezante dezas natirèl ki fè pi gwo devastasyon nan tout istwa Lèzetazini.

Nan okazyon 10èm anivèsè sa a, Prezidan Barack Obama pral vizite vil la. Pwogram vizit lidè ameriken an prevwa li pral pran lapawòl pou l pale de efò ki fèt -e ki kontinye fèt- pou Nouvèl Òleyan rekanpe sou 2 pye li ak potansyèl li genyen pou l devlope nan lavni, nan moman abitan li yo ap travay ansanm pou yo rebati vil la e rekonstrui lavi yo.

Misye Obama gen plan tou pou l rankontre ak majistra Mitch Landrieu e ak rezidan plizyè katye ki travay di pou yo refè vi yo pandan 10 zan ki pase yo.

XS
SM
MD
LG