Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Biwo Kontansye Elektoral Depatmantal yo Pare pou Tande Kontestatè yo


Haiti Ballot Box
Haiti Ballot Box

Ann Ayiti, se mèkredi 26 out 2015 la Biwo Kontansye Elektoral Depatmantal yo ap kòmanse tande avoka kandida ki konteste rezilta eleksyon lejislativ 9 out pase a. Biwo Elektoral Depatmantal Wès 1 an, pa egzanp, resevwa 34 kontestasyon dapre responsab BED sa a, Wally Dessence, ki te abòde dosye a ak laprès. Selon Misye Dessence, kandida yo akize Konsèy Elektoral la deske li fè erè nan fason li konte vwa yo se sa, daprè yo, ki lakoz yo pa ranpòte eleksyon an depi nan premye tou oubyen ki fè yo pa kalifye pou yo patisipe nan 2èm tou a ki fikse pou 25 oktòb 2015 la.

Pati Politik UNIR --ki anba direksyon kandida a la prezidans Clarens Renois-- regrèt pati a pa gen tan soumèt tout konstestasyon li te vle prezante yo akoz li pa genyen tout pwosè vèbal li te sipoze resevwa yo. Msye Renois, ki reponn kesyon Jean Robert Philippe, pwofite pou l bay opinyon li sou divès apèl konsèy elektoral la resevwa pou l fòme yon komisyon pou evalye eleksyon yo.

Nouvèl Ayiti pou madi 25 out 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:38 0:00
Direct link

Yon lòt kote, Biwo Kontansye Elektoral Depatmantal vil Hench la ap pare pou l tande pozisyon kandida ki konsteste rezilta premye tou eleksyon 9 out 2015 yo. Korespondan nou Josué Joseph di nou youn nan kandida ki konsteste rezilta yo fèmen nan prizon pou dezòd li ta komèt apre dewoulman eleksyon lejislativ yo.

Anfen nan vil Tigwav, fòs de lòd yo arete 4 moun (pami yo genyen yon fanm) epi yo sezi plizyè zam yo pran nan men moun yo akize kòm bandi ki tap opere nan alantou vil la. Korespondan nou Montigene di nou lapolis fè arestasyon sa yo nan moman yon gwoup sitwayen tap manifeste pou mande KEP a remete nan kous elektoral la kandida pou pòs Senatè, Arnel Belizaire. Konsèy la te mete Misye Bélizaire deyò nan kous la anba akizasyon deske li ta louvri kout zam tou pre yon sant elektoral pandan jounen eleksyon 9 out la -yon akizasyon kandida konsène a rejte.

XS
SM
MD
LG