Accessibility links

Breaking News

Frans/Aktyalite : Leta Remèt 3 Ameriken ak yon Britanik Pi Gwo Distenksyon Sivil la, Lejyon Donè a.

Prezidan fransè a, François Hollande (agoch) ap dekore Alek Skarlatos, yon manm Gad Nasyonal Lèzetazini an ki se moun vil Roseburg, Eta Oregon, pandan pilòt aviyasyon militè ameriken Spencer Stone (adwat) ap gade. Seremoni an dewoule nan Le Palais de l'Elysée, nan kòmansman jounen lendi 24 out 2015 la, nan vil Pari, an Frans.

An Frans, Prezidan Fançois Hollande remèt Pri Lejyon Donè a bay yon sitwayen britanik avèk 3 ameriken ki te rive metrize yon nèg ki te ame jous nan dan e ki te sòti pou l atake pasaje yon TGV ( tren-a-grand vitès) vandredi 21 out pase a.

Nan yon seremoni ki dewoule nan kapital la, Pari, Misye Hollande atache meday yo sou lestomak britanik la ki rele Chris Norman, epi sou pwatrin 3 ameriken yo : Spencer Stone, Alek Skarlatos avèk Anthony Sadler. Lidè fransè a fè konnen aksyon 4 mesye sa yo poze pandan yo te an fas latèrè ak danje, voye monte "yon mesaj solidarite, kouraj ak lespwa." Prezidan Hollande kontinye pou l di 4 mesye yo :

"Yon teworis te deside komèt yon move zak. Misye te gen sou li ase zam ak minisyon pou l te fè yon veritab masak. E se sa menm li ta pral fè si nou menm, Chris, Spencer, Alek ak Anthony, nou pat atake l epi metrize l. Pou n fè sa, nou te pran yon risk ki te ka koute nou lavi nou."

Lidè fransè a dekore yon 4èm nèg tou, paske se li menm an premye ki te detekte atakan an aprè tren an te kite peyi Bèljik pou l antre an Frans; li te monte nan tren an nan vil Brusèl yon ti tan anvan li te lanse atak la. Otorite espayòl di yo te deja idantifye atakan an kòm Ayoub El-Khazzani; li te pran nesans nan peyi Mawòk e li gen 25 an. Menm sous la fè konnen misye te fè yon vizit ane pase a nan peyi Siri.

XS
SM
MD
LG