Delè pou kandida ki te patisipe nan premye tou eleksyon lejislatif yo konteste rezilta yo, rive nan bout li dimanch 23 out la. Kounye a Konsèy Elektoral la pral analize plent kandida yo avan li pibliye rezilta definitif premye tou a.
Jedi 20 out pase a, enstitisyon elektoral la te anonse lap refè eleksyon lejislatif yo nan plizyè sikonskripsyon kote te gen dezòd pandan jounen vòt la. Operasyon 25 oktòb 2015 pral konbine 2èm tou lejislatif yo ak premye tou prezidansyèl yo. KEP a ekate plizyè kandida ki pap ka patisipe nan 2èm tou a poutèt yo ta enplike nan dezòd ak iregilarite ki te genyen pandan jounen elektoral 9 out pase a. Kèk pami yo rejte akizasyon sa a. Responsab yo nan KEP a pibliye yon nòt sou fason yo konte pousantaj vòt kandida yo reyalize apre kritik li te resevwa sou metòd la. Konsèy la presize desizyon an baze sou atik 90 ak 94.3 Konstitisyon 1987 Amande a. Kontaj la baze tou sou atik 45.1, 50.4 e 145 Dekrè Elektoral 2 mas 2015 la.
Yon lòt kote, Enstiti Mobil Edikasyon Demokratik, IMED, prezante rapò final li sou jounen elektoral 9 out 2015 la. Rapò sa a parèt yon jou apre konsèy elektoral la te pibliye rezilta preliminè premye tou eleksyon yo. Korespondan nou Orpha Dessources di nou IMED mete kèk rekòmandasyon devan KEP a ki ta dwe pran yo an konsiderasyon nan kad preparasyon pwochen eleksyon yo.
Ayiti-Eleksyon toujou: Desizyon Konsèy Elektoral la pran pou l ekate nan 2èm tou lejislativ yo plizyè kandida anba akizasyon yo ta fè dezòd pandan premye jounen elektoral la, pa satisfè tout moun. KEP a anile eleksyon yo nan plizyè sikonskripsyon, yon desizyon ki jwenn apui kèk pati politik e ki ale nan sans rekòmandasyon obsèvatè elektoral lokal yo te fè apre dewoulman vòt la. Antretan, depi jedi 20 out la plizyè pati politik ki te mete tèt yo ansanm pou yo mande KEP a monte yon komisyon d evaluasyon elektoral, lanse yon seri sit-in devan lokal KEP a, BED yo ak BEC yo pou fè tande vwa yo.
Anfen, Mme Mirlande Manigat, sekretè jeneral Rasanbleman Demokrat Nasyono-Pwogresis yo (RDNP), Dr. Osner Fevry, manm direktwa Konsòsyòm Pati politik yo, ak Senatris Edmonde Bauzile, prezidan Pati Fusion Socio-Démocrates yo, te reyaji apre piblikasyon rezilta pasyèl premye tou eleksyon lejislatif yo. Yo te envite Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la nan pwogram lib tribin Dyaloge ak Etazini, edisyon vandredi 21 out 2015 la.