Accessibility links

Breaking News

Alèt Maksikòm nan Tou Lè 2 Kore yo – Sewoul Ap Pare pou yon Atak Posib.


Sòlda sid-koreyen kap fè pòs nan yon pwen enspeksyon, nan vilaj Paju, nan Kore di Sid. Yo sou Pon Gran Inifikasyon an ki mennen nan vilaj seselfe a, Panmunjom, yon ti kras o sid zòn demilitarize a ki separe 2 Kore yo. (Foto: 21 out 2015).
Sòlda sid-koreyen kap fè pòs nan yon pwen enspeksyon, nan vilaj Paju, nan Kore di Sid. Yo sou Pon Gran Inifikasyon an ki mennen nan vilaj seselfe a, Panmunjom, yon ti kras o sid zòn demilitarize a ki separe 2 Kore yo. (Foto: 21 out 2015).

Nan Kore di Nò, lame twouve li nan yon eta dalèt wouj --sètadi li sou yon kiviv maksimòm-- aprè lidè peyi a, Kim Jong-Un, te deklare militè yo ap fè preparasyon pou yon konfwontasyon sou liyn fwontyè avèk Kore di Sid la e aprè 2 lame peyi yo te twoke kèk kout zam lou tou prè zòn nan. Daprè yon ajans nouvèl ki anba kontwòl Leta nò-koreyen an, Misye Kim fè anons la aprè yon reyinyon dijans ak komisyon militè santral peyi a vandredi 21 out 2015 la.

Kòm reyaksyon, Kore di Sid mete fòs zame pa l nan yon eta dalèt maksimòm tou; sa fè konprann peyi a ap fè fas ak yon danje imedya, ak yon atak ki pa lwen. Se konsa tou otorite yo nan Sewoul pran desizyon pou yo limite kantite moun kap antre-sòti nan yon pak endistriyèl 2 peyi yo administre ansanm nan Kore di Nò. Minis Ififikasyon sid-koreyen an, Jeong Joon-hee, bay detay sou sa. Misye Jeong di:

"Priyorite nou se bay pèsonèl la sekirite. Alòs, pozisyon nou sè ke nou dwe redui nan yon nivo minimòm kantite moun kap antre, kap sòti nan Pak Kaesong nan, nan Kore di Nò. Kidonk, premye priyorite nou se kite nan sant la moun ki ka fè ale-vini nan Sewoul nan menm jou a; epi, 2èm nan se kite pati moun kap travay kòm direktè oubyen manadjè bizniss kap opere nan pak la."

Tansyon ki monte ant 2 Kore yo vini aprè yon ensidan vyolan ki te pase nan jounen jedi a 20 out 2015 la, kote lame Kore di Nò a te tire kout gwo zam lou sou pozisyon lame Kore di Sid la nan zòn lwès fwontyè a. Kore di Sid te reponn kif-kif ak lansman plizyè douzèn atiyri 155 milimèt sou tèritwa nò-koreyen an.

XS
SM
MD
LG