Accessibility links

Breaking News

Fenomèn Dwòl o Pewou / Yon Ti Bèf Fèt ak 2 Tèt, 4 Je ak 2 Bouch.


O Pewou, nan Amerik di Sid la, yon evennman dwòl e trè ra rive semèn sa a nan pati nò peyi a, pi presizeman nan yon rejyon ki rele Cajamarca kote yon ti bèf pran nesans san twòp konplikasyon nan yon pakbèt. Sa ki atire atansyon moun nan zòn nan -e menm otorite yo nan Depatman Agrikilti perivyen an ki voye enspektè al konstate evennman sa a- sè ke ti bèf la fèt ak 2 tèt, 4 grennje epi 2 bouch.

Yon nèg kap viv tou prè kote bagay la rive a, Clodomiro Becerra, fè jounalis ki ale sou plas konnen pi gwo difikilte ti bèf la genyen, sè ke li pa ka manje nòmalman epi tèt li tèlman lou, li poko ka kanpe sou 4 pye l pou kont li. Misye Becerra deklare :

" Nou ka wè ke ti zannimo a an bòn sante; li byen vivan. Sèl pwoblèm li, sè ke li pa kapab kanpe, li pa ka manje pou kont li e lè li eseye fè yon mouvman ak lang li, se tou lè 2 lang yo ki fè mouvman an menm tan."

Moun poko konnen poukisa ti bèf la fèt konsa. Sepandan, kèk espesyalis panse koz la chita nan antibyotik yo te konn bay manman bèf la pandan li te plenn nan e sa lakoz yon pè-marasa rete kole ansanm. Laprès lokal di, daprè kèk lòt ekspè, sa k eksplike fenomèn nan se yon move fòmasyon jenetik. Men yo elimine posiblite pou se chan min ki nan rejyon an ki ta responsab pou sa k rive a.

XS
SM
MD
LG