Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: KEP a Retade Piblikasyon Rezilta Lejislativ 9 Daout 2015 yo


Haiti Ballot Box
Haiti Ballot Box

KEP a (Konsèy Elektoral Pwovizwa a) pa respekte dat 19 out 2015 li te fikse pou l pibliye rezilta premye tou eleksyon lejislatif yo, jan dekrè elektoral prevwa sa a. Manm konsèy la poko di rezon ki eksplike reta sa a. Nan yon kominike KEP a pibliye li mete deyò nan kous elektoral la 2 lòt kandida pou pòs depite anba akizasyon dèske yo ta fè dezòd nan eleksyon dimanch 9 out la. Sa fè yon total 16 kandida (15 kandida pou pòs depite ak yon kandida pou pòs senatè) enstitisyon elektoral la radye nan kous la; pi fò nan yo rejte akizasyon yo.

Nouvèl Ayiti pou jedi 20 out 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:11:55 0:00
Direct link

Yon lòt kote, plizyè pati politik ap òganize yon sit-in devan lokal konsèy elektoral la jedi 20 out la pou mande anilasyon eleksyon lejislatif yo ak demisyon KEP a. Youn nan lidè pati sa yo, Jonas Coffi (dirijan Pati Ayisyen pou Ayiti) menm lanse apèl pou l mande demisyon Premye Minis Evans Paul. Sit-in sa a ap dewoule 48 tè apre 7 kandida a la prezidans nan sektè pwotestan an te siyen yon pwotokòl dakò, nan jounen madi 18 out 2015 la, pou sipòte yon sèl kandida nan eleksyon prezidansyèl ki fikse pou 25 oktòb 2015 la.

Anfen, otorite yo nan Repiblik Dominikèn kòmanse depòte etranje ilegal ki pat gen tan enskri nan Plan Nasyonal Regilarizasyon Etranje yo, P-N-R-E (pi fò nan etranje sa yo se ayisyen oubyen moun ki gen orijn ayisyèn). Operasyon depòtasyon an kòmanse nan moman kote Lèzetazini lanse apèl bay administrasyon Prezidan Medina a pou mande l respekte dwa migran yo ak akò entènasyonal Repiblik Dominikèn siyen yo. Se konsa tou Depatman Deta amerikenan mande pou operasyon an dewoule nan transparans e anba sipèvisyon obsèvatè ki kapab swiv jan sa ap pase nan zòn fwontyè Ayiti pataje ak Ayiti.

XS
SM
MD
LG