Accessibility links

Breaking News

Eksplozyon Machin Pyeje nan vil Lekèr – Bilan: 6 Polisye Ejipsyen Blese


Opposition supporters affected by tear gas reacts during a rally against Venezuelan President Nicolas Maduro's government in Caracas, July 9, 2017.
Opposition supporters affected by tear gas reacts during a rally against Venezuelan President Nicolas Maduro's government in Caracas, July 9, 2017.

Nan Lejip, otorite yo fè konnen yon gwo machin pyeje eksploze tou prè katye jeneral polis nasyonal peyi a nan kapital la, Lekèr, byen bonè jedi 20 out 2015 la. Bilan: omwen 6 ajan polis blese. Mohamed Heshmet, yon ejipsyen kap viv nan kapital la, bay temwayaj sou sa k pase a:

"Li te 2 zè 4 di maten lè yon boul dife te pete ak tout yon gwo kokenn lafimen. Moun te ka tande yon gwo bri epi vit te pran vole tou patou nan lè a. Machin kraze epi moun blese. Se pa jist, mezanmi; tout ti moun yo te pran lapèrèz."

Moun ki te la pou konstate ensidan an ak je yo, tankou Momamed Heshmet, fè konnen bonbis yo te estasyone yon machin ki te chaje ak eksplozif devan katye jeneral gouvènman an anvan yo te chape poul yo nan yon lòt machin. Pèsonn poko pran responsablite pou zak sila a. Depi 2013 -ane kote lame te ranvèse gouvènman prezidan islamis Mohamed Morsi a- militan rebèl yo te kòmanse lanse atak sou enstalasyon lapolis; kounyela a kanpay vyolans yo a vize sivil tou.

XS
SM
MD
LG