Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Gwo Mezi Sekirite Anvan Piblikasyon Rezilta Lejislativ 9 Out 2015 la


Rotchild Francois Junior, Minis Kominikasyon peyi d Ayiti.
Rotchild Francois Junior, Minis Kominikasyon peyi d Ayiti.

Gouvènman ayisyen an anonse lapolis pran tout dispozisyon pou l garanti sekirite piblik la apre Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP a) va fin pibliye rezilta premye tou eleksyon lejislatif pasyèl yo ki fikse pou mèkredi 19 out 2015 la. Minis kominikasyon e pòtpawòl gouvènman an, Rotchild Francois Junior, ki reponn kesyon Jean Robert Philippe, lanse apèl bay kandida yo e mande yo konseye patizan evite dezòd lè rezilta sa yo va parèt. Misye François fè anons sa a apre direktè sant tabilasyon an, Widmack Matador, te konfime rezilta preliminè yo deja pare pou piblikasyon. Rezilta yo pral parèt apre konsèy elektoral la te ekate nan kous la 14 kandida (depite ak senatè) anba akizasyon deske yo ta patisipe nan dezòd ki te genyen pandan dewoulman eleksyon yo nan jounen 9 out 215 la. Pi fò kandida konsène yo rejte akizasyon an e yo mande pou KEP a retounen sou desizyon an.

Nouvèl Ayiti pou mèkredi 19 out 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:43 0:00
Direct link

Anfen, Depatman Travay ak Afè Sosyal, an kolaborasyon ak Inyon Ewòp la epi OIT (Oganizasyon Entènasyonal Travay), lanse yon nouvo pwogram nasyonal ki rele “Akò Patenarya Ekonomik”, ou APE Cariforòm, nan jounen madi 18 out 2015 la. Kowòdonatè biwo entènasyonal travay la, Julien Magnat, fè konnen objektif pwogram nan se mete patwon ak anplwaye ansanm pou yo kapab antann yo sou yon politik devlopman ekonomik ak sosyal an komen nan rejyon karayib la.

XS
SM
MD
LG