Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Konsèy Elektoral la Anonse Piblikasyon Rezilta Eleksyon Lejislatif yo pou 19 Out 2015


Anplwaye Konsèy Elektoral la ap revize bilten vòt apre eleksyon 9 out 2015 la
Anplwaye Konsèy Elektoral la ap revize bilten vòt apre eleksyon 9 out 2015 la

Direktè rejis elektoral la nan KEP a, Philippe Augustin, fè konnen sant tabilasyon an deja resevwa plis pase 76,19 pou 100 pwosè vèbal yo pou pòs depite ak 76,78 pou 100 pou pòs senatè apre dewoulman premye tou eleksyon lejislativ 9 out pase a. Korespondan nou Orpha Dessources di nou responsab elektoral yo bay garanti rezilta preliminè yo ap parèt nan dat 19 out 2015 la, jan dekrè elektoral la prevwa l la.

Nouvèl Ayiti pou vandredi 14 out 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:32 0:00
Direct link

Yon lòt kote, kandida a la prezidans Pati Federalis la, Fred Brutus -ki tap reyaji sou pawòl kap di gen sektè ki swete eleksyon prezidansyèl yo pa dewoule pou diferan rezon-- lanse yon apèl bay sosyete ayisyèn nan ansanm ak kominote entènasyonal la pou l mande pote konkou yo bay otorite elektoral yo pou vòt sa a tounen yon reyalite.

Anfen, Ministè Ekonomi ak Finans òganize yon atelye travay sou enfòmasyon jeyolokalize pou pwochen egzèsis fiskal la. Dapre Sekretè Deta Finans la, Ronald Décembre, objektif la se montre poukisa Leta ayisyen fè sektè agrikòl la tounen yon sektè priyoritè nan bidjè 2015-2016 la.

XS
SM
MD
LG