Accessibility links

Breaking News

Etazini-Kiba: Re-Ouvèti Ofisyèl Anbasad Amerikèn nan La Avàn.


Anbasad amerikèn nan La Avàn, Kiba.
Anbasad amerikèn nan La Avàn, Kiba.

Pwochen faz nòmalizasyon relasyon ant Lèzetazini ak Kiba pral dewoule vandredi 14 out 2015 la nan vil La Avàn kote yon gwoup kò mèrin Lèzetazini an pral ise drapo ameriken an devan nouvèl anbasad Lèzetazini an nan Kiba. Seremoni sa a pral make re-ouvèti pratik misyon diplomatik la aprè 2 peyi yo te pase plizyè dizèn d'ane san relasyon diplomatik.

08-13-15 Relasyon KIba-Etazini
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:07 0:00
Direct link

2 anbasad yo te ouvè ofisyèlman nan dat 20 jiyè pase a, jou kote Kiba te òganize yon seremoni nan Washington nan okazyon an; sepandan Lèzetazini, li-menm, te deside ranvwaye seremoni pa l la pou bay Sekretè Deta John Kerry tan li te bezwen pou l te pran tèt delegasyon amerikèn ki pral asiste re-ouvèti misyon diplomatik la. Mark Toner, pòtpawòl Depatman Deta a, bay pozisyon ofisyèl administrasyon Obama a sou evennman an:

"Menm lè nou dispoze ranfòse kontak diplomatik dirèk nou ak gouvènman kiben an, nou byen konnen genyen kèk gwo defi devan nou nan domèn dwamoun nan. Kanta pou sa, nou pap rekile devan nesesite pou n atake defi sa yo e nou pral kontinye pran kontak ak manm-kle sosyete sivil la nan Kiba."

Otorite nan Washington fè konnen, aprè seremoni ki pral dewoule nan lokal anbasad la, ap genyen yon lòt nan rezidans nouvo anbasadè ameriken an, Jeffrey DeLaurentis, kote yo envite òm politik ak militan dwamoun kiben.

Se pa tout moun ki apresye re-ouvèti anbasad amerikèn nan nan Kiba an patikilye, ou byen repriz relasyon diplomatik ant 2 peyi yo an jeneral. Youn nan pèsonalite ki pa kontan yo, se youn nan depite Eta Florid yo, Ileana Ros-Lehtinen, ki te pran nesans nan Kiba. Depite Ros-Lehtinen deklare:

<< Sa administrasyon an, sa Sekretè Deta ap fè la a, se voye yap voye yon mesaj bay disidan yo pou di: « Yo pa gen yon wòl pou yo jwe nan pwosesis repriz relasyon ant Lèzetazini ak Kiba; Lèzetazini bliye yo; Lèzetazini meprize yo. »>>

Re-ouvèti anbasad amerikèn nan nan La Avàn pral pèmèt plis ameriken vwayaje Kiba e plis kiben pral gen aksè ak yon misyon diplomatik Lèzetazini. Sepandan, Kiben yo pa pral wè gwo chanjman nan vi chak jou yo toutotan kongrè ameriken an pa leve anbako komèsyal la.

XS
SM
MD
LG