Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Lejislativ: Apèl Divès Sektè pou KEP a Refè Eleksyon an nan Plizyè Sikonskripsyon


Direktris Komisyon Jistis ak Lapè a, Jocelyne Colas Noel, denonse divès ka iregilarite ki, daprè li, te genyen pandan dewoulman premye tou eleksyon lejislatif yo ann Ayiti nan dat 9 out pase a. Komisyon an lanse apèl bay KEP a (Konsèy Elektoral Pwovizwa a) pou mande l refè eleksyon yo nan zòn ki te genyen derapaj yo. Plizyè sektè lanse menm apèl la bay KEP a.

Nouvèl Ayiti pou jedi 13 out 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:10:56 0:00
Direct link

Yon lòt kote, nan Mirbalè nan Plato Santral la, lapolis arete 2 lòt kandida pou pòs depite anba akizasyon deske yo ta mele nan dezòd apre dewoulman premye tou eleksyon lejislatif yo. Korespondan nou Jean Christophe Collegue di nou sa fè 3èm kandida fòs de lòd yo arete nan sikonskripsyon an pou menm rezon an.

Anfen, yon gwoup lidè politik mande Konsèy Elektoral Pwovizwa a fòme yon komisyon pou evalye eleksyon dimanch 9 out la epi fikse responsabilite yo pou iregilarite yo avan piblikasyon rezilta yo. Dapre lidè sa yo, komisyon sa a ta gen ladan n reprezantan pati politik yo, Konsèy Elektoral Pwovizwa ak Sosyete Sivil la. Sekretè Jeneral Fusion Socio-Demokrat yo, Enjenyè Rosemond Pradel, ak dirijan Conseil National des Acteurs Non-Etatiques (CONANE), Pastè Edouard Paultre, fè konnen rezilta travay komisyon an ta kapab rebay elektè yo konfyans nan pwosesis elektoral la epi pèmèt yon majorite elektè patisipe nan pwochen eleksyon yo.

XS
SM
MD
LG