Accessibility links

Breaking News

Elektè Ayisyen Ap Vote Dimanch 9 Out la nan Premye Eleksyon Palmantè Peyi a Depi 5 Kan


Afich ak foto yon kandida nan eleksyon palmantè Ayiti yo
Afich ak foto yon kandida nan eleksyon palmantè Ayiti yo
Depi 6 zè di maten, lè ofisyèl ouvèti biwod vòt yo, elektè ayisyen koumanse vote jodi dimanch 9 Out 2015 pou eli 2 tyè Sena a (20 o total) ak 119 depite. Eleksyon sa yo reprezante pou anpil analis politik yon tès estabilite pou yon peyi ki toujou ap fè fas ak yon pakèt tibilans oswa kriz politik.
Premye enfòmasyon korespondan nou sou teren an montre genyen anpil iregilarite--pami yo, reta pou louvri biwod vòt yo ak difikilte pou elektè yo ranpli devwa sivik yo. Nan lòt depèch na vini ak plis detay.
Rapèl: Genyen 1854 kandida ki soti plizyè douzèn pati ak regwoupman ou platfom politik. Li ka pran ant 6 a 10 jou anvan Konsèy elektoral la pibliye premye rezilta premye tou lejislativ sa yo.
XS
SM
MD
LG