Accessibility links

Breaking News

70èm Anivèsè Eksplozyon Premye Bonm Atomik la nan Hiroshima, o Japon.


Premye Minis japonè a, Shinzo Abe, pandan li tap fè yon diskou li fè pou make 70èm anivèsè eksplozyon bonm atomik ki te devaste vil Iroshima nan dat 6 out 1945. Seremoni an dewoule sou Plas Memoryal Lapè a nan Hiroshima, jedi 6 out 2015 la. (Foto: AP/Eugene Hoshiko).
Premye Minis japonè a, Shinzo Abe, pandan li tap fè yon diskou li fè pou make 70èm anivèsè eksplozyon bonm atomik ki te devaste vil Iroshima nan dat 6 out 1945. Seremoni an dewoule sou Plas Memoryal Lapè a nan Hiroshima, jedi 6 out 2015 la. (Foto: AP/Eugene Hoshiko).

Nan okazyon 70èm anivèsè eksplozyon premye bonm atomik la nan Hiroshima a, o Japon, nan dat 6 out 1945, plizyè dizèn milye moun te rasanble pou obsève yon minit silans nan moman klòch tap sonnen nan Sant Memoryal Lapè a nan vil japonèz la, tou prè kote bonm nan te sote a. Pami asistan yo te genyen kèk nan moun ki te swa viktim nan ensidan an, swa prezan nan vil la lè eksplozyon an te fèt la. Premye Minis japonè a, Shinzo Abe, se youn nan pèsonalite ki pran lapawòl nan okazyon an pou mande eliminasyon zam nikleyè nan lemond. Misye Abe deklare :

"Japon pral kontinye mande kowoperasyon tout peyi, kit se sa ki genyen zam nikleyè, kit se sa ki pa genyen ; e mwen pral redouble jèfò pou m wè si nou va genyen yon mond san zam nikleyè."

Sekretè Lèzetazini an, John Kerry, make 70èm anivèsè ekplozyon bonm ki te kraze vil Iroshima ak yon deklarasyon kote li asosye konsekans evennman sa a ak enpòtans akò 6 puisans mondyal (pami yo gen Lèzetazini) rive jwenn sou pwogram nikleyè Iranyen an. Misye Kerry fè konnen:

"Nou pa bezwen di si se yon rapèl puisan ki fè n sonje non sèlman konsekans lagè ka genyen --e pandan lontan-- sou moun ak peyi nou yo, men tou sa atire atansyon sou enpòtans akò nou jwenn ak Iran pou n redui posiblite pou gen plis zam nikleyè nan lemond."

Sekretè Deta Kerry pale konsa pandan li tap rankontre ak kolèg japonè li a, Fumio Kishida, nan koulis yon fowòm peyi-manm Asosyasyon Nasyon Azi di Sidès yo tap fè nan Malezi. Aprè eksplozyon bonm atomik la nan Hiroshima, aviyasyon amerikèn te lage yon lòt bonm sou vil Nagazaki, toujou nan peyi Japon. 2 atak yo te koze lanmò plis pase 200 mil moun. Mwens ke yon semèn apre sa, lanpi nipon te rann tèt li e sete fen 2èm Gè Mondyal la.

XS
SM
MD
LG