Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Distribisyon Materyèl Sansib yo ap Kòmanse Vandredi 7 Out 2015 la


Logo Konsèy Elektoral Pwovizwa Ayisyen an
Logo Konsèy Elektoral Pwovizwa Ayisyen an

Ann Ayiti, KEP a (Konsèy Elektoral Pwovizwa a) kòmanse transpòte materyèl elektoral sansib ak non-sansib yo nan 10 depatman jewografik yo pou eleksyon lejislatif dimanch 9 out 2015 la. Kontrèman ak eleksyon pase yo, yon manm KEP a ap prezan nan chak depatman.

Nouvèl Ayiti pou jedi 6 out 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:04 0:00
Direct link

Yon lòt kote, nan vil Jakmèl, yon anvwaye KEP a, Mackilene Rosemond, renmèt materyèl sansib ak non-sansib bay responsab BED la (Biwo Elektoral Depatmantal). Korespondan nou Eveline Adonis di nou remiz materyèl sa yo fèt an prezans vis-konseye elektoral Pierre Junior Manigat ki pral sipèvize operasyon an nan tout Depatman Sidès la.

Anfen, Minis Jistis ak Sekirite Piblik ayisyen an, Pierre Richard Casimir, rankontre ak 16 komisè gouvènman ki te sòti nan diferan jiridiksyon peyi a pou l rekomande netralite ak enpasyalite yo pandan dewoulman eleksyon lejislatif yo. Selon Minis Casimir, enstriksyon li bay komisè gouvènman yo antre nan kad angajman Leta ayisyen pran pou l apiye pwosesis elektoral la pou vòt la kapab dewoule nan pi bon kondisyon posib epi pou otorite yo pèmèt renouvèlman leadership politik peyi a fèt yon fason demokratik.

XS
SM
MD
LG