Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Opinyon Pwofesè Sauveur Pierre-Etienne sou Randevou Elektoral 9 Out 2015 la


Haiti Ballot Box
Haiti Ballot Box

Lidè Pati Òganizasyon Pèp k ap Lite (OPL), pwofesè Sauveur Pierre-Etienne, ki se yon kandida a la prezidans, bay popilasyon an konsèy pou l al vote an mas nan premye tou eleksyon lejislatif yo ki fikse pou dimanch 9 out 2015 la. Pwofesè Pierre-Etienne, ki pale nan mikwo Jean Robert Philippe, mande elektè yo chwazi kandida konpetan pou reprezante yo nan 50èm Lejislati a.

Nouvèl Ayiti pou mèkredi 5 out 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:10:07 0:00
Direct link

Yon lòt kote, "Kolektif 4 Desanm" ak plizyè lòt òganizasyon te mete yon sit-in sou pye nan zòn franch fwontyè a, nan nivo Malpas-Jimani, pou yo te kontinye denonse Lwa TC 168-13 tribinal konstitisyonel dominiken an te vote pou elimine nasyonalite dominiken ki gen orijin etranje -sitou orijin ayisyèn. Daprè korespondan nou Orpha Dessources, yon lòt objektif sit-in nan sete atire atansyon otorite ayisyen yo sou sa òganizatè yo konsidere kòm "envazyon pwodui alimantè dominiken sou mache nasyonal ayisyen an."

Anfen, sou plis pase 50 kandida a la prezidans ki te jwenn envitasyon lidè Pati UNIR la, Clarens Renois, pou yo patisipe nan yon rankont ak lide pou yo ini yo epi prezante yon sèl kandida nan eleksyon prezidansyèl yo, se Senatè Stephen Benoit sèlman ki reponn envitasyon an. Nou gen rayaksyon Misye Renois.

XS
SM
MD
LG