Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Manifestasyon kont "Envazyon Pwodui Dominiken" sou Mache Nasyonal la


"Kolektif 4 Desanm" òganize yon sit-in nan Malpas, zòn fwontyè Ayiti ak Repiblik dominikèn, nan jounen madi 4 out 2015 la, pou denonse sa òganizatè yo konsidere kòm dominasyon sektè agrikòl dominikani an sou mache nasyonal ayisyen an. Selon kolektif la, konfli migrasyon ki egziste ant 2 peyi yo pa anpeche machandiz dominiken kontinye soti nan Panyòl pou antre sou teritwa ayisyen an. Jean Robert Argant, youn nan dirijan gwoup la ki reponn kesyon Jean Robert Philippe, di li espere inisyativ la ap voye yon mesaj klè bay otorite ayisyen yo sou nesesite pou yo ogmante pwodiksyon nasyonal la.

Nouvèl Ayiti pou madi 4 out 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:09:45 0:00
Direct link

Yon lòt kote, reprezantan Sekretè Jeneral Nasyonzini an Ayiti, Sandra Honore, mete yon mesaj devan pèp ayisyen an nan okazyon premye tou eleksyon lejislatif yo ki pral dewoule dimanch 9 out 2015 la. Bò kote pa l, Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Pierre Richard Casimir, konfime nouvèl ki fè konnen pral gen chanjman nan Polis Nasyonal la avan dewoulman eleksyon yo pou ede konbat vyolans pandan kanpay la.

Anfen, yon sitwayen blese nan pye ak bal revolvè nan PòdePè pandan lese frape ki dewoule ant patizan 2 kandida ki pral patisipe nan eleksyon lejislatif yo. Ensidan sa a rive malgre apèl otorite yo lanse pou yo mande yon fen nan zak vyolans ki kòmanse make kanpay elektoral la.

XS
SM
MD
LG