Accessibility links

Breaking News

Preparasyon pou Kanpay Kalifikatif KoupdiMond pou KONKAKAF la Kòmanse


Jurgen Klinsmann
Jurgen Klinsmann

Seleksyon Nasyonal peyi manm KONKAKAF la, ap antre danble nan 3èm faz eliminatwa koupdimond Rus 2018 apre tiraj osò Samdi 25 jiyè 2015. Dapre tiraj osò a 24 peyi pral jwe yon seri match de baraj ale/retou pou jwen dwa pou kalifye nan 4èm tou a a.

Pèfòmans seleksyon yo renmèt nan Koup dò KONKAKAF la sitou peyi Karayib yo atire atansyon antrenè ameriken an Jurgen Klinsmann ke Jamayik elimine nan semi final:"Tounwa a montre n nivo elve konpetisyon nan rejyon an. Peyi nou pat gen anpil konsiderasyon pou yo avan tounwa a montre n le kontrè. Nou kapab site peyi tankou Ayiti ki merite respè san bliye Jamayik ki rive nan final konpetisyon an apre li elimine n."

Etazini trouve l nan menm group ak Trinidad and Tobago pou 4ièm faz la ansanm ak 2 lòt peyi n ap konnen apre 8 septanb lè 3èm faz la fini.

Si done yo pa chanje, gwoup B a kapab group ki pi konplike pandan faz sa a si n konpran deklarasyon antrenè Jamayik la Winfried Schafer: "Mwen pa konnen anpil de seleksyon Nikaragwa a ke n ap rankontre pandan 3ièm tou a. Si done yo pa chanje group B a deja genyen Kosta Rika ak Panama, venkè Ayiti/ Grenad la ak venkè Jamayik/ Nikaragwa a pral konplete l. Mwen gen anpil espwa pou Jamayik. Se gwoup k ap pi difisil nan faz eliminatwa a. Rezilta a kapab baskile nenpòt kote."

Kanpay kalifikatif la ap difisil pou seleksyon ayisyen an k ap bezwen jwe anpil jwe match preparasyon avan faz group la kòmanse an Novanm.

Gen apil espwa Grenadye yo kapab fè mye nan faz kalifikatif la koup di mond akondisyon yo elimine La Grenad dabò epi travay anpil pou jwenn yon pami 2 plas nan group B a pou egzagonal final la. Antrenè Marc Colat kwè "Ayiti gen yon baz solid."

Antrenè seleksyon Panama a Hernan Gomez pat pase nan 4 chimen pou l pale difikilte Panama pral konfwonte nan group B a ki gen ladann Jamayik, Ayiti ak Kosta Rika. selon antrenè a "Tout 4 peyi nan gwoup sa a gen opsyon sa vle nenpòt pami yo kapab kalifye pou egzagonal final la. Nou gen anpil travay pou n fè si vle kalifye pou koupdimond la."

Antretan fanatik yo ap obsève anviwonman spòtif la pandan kanpay kalifikatif koupdimond Rus 2018 la—yon kanpay k ap difisil pou anpil peyi nan KONKAKAF la kote se ekip ki pi byen prepare a kap jwenn youn nan 3 tikè pou kalifikasyon dirèk koupdimond la ak posibilite pou peyi ki klase 4èm nan jwe yon match de baraj kont yon seleksyon nan AmerikdiSid.

XS
SM
MD
LG