Accessibility links

Breaking News

Dekouvèt Debri Avyon Malezyen, Vòl MH370, tou Pre Zile La Reyinyon.


Jandam ak polisye fransè kap transpòte yon gwo moso debri avyon yo jwenn sou yon plaj nan Saint-André, nan Zile fransè La Reyinyon, nan Oseyan Endyen an. (Dat: 29 jiyè 2015).
Jandam ak polisye fransè kap transpòte yon gwo moso debri avyon yo jwenn sou yon plaj nan Saint-André, nan Zile fransè La Reyinyon, nan Oseyan Endyen an. (Dat: 29 jiyè 2015).

Anketè yo ap eseye konnen si yon debri avyon yo jwenn tou pre yon zile fransè, nan Oseyan Endyen an, se yon pati nan avyon Malezi Airlines, vòl MH370, ki te disparèt misteryezman nan mwa mas ane 2014 la. Pyès sa a (ki mezire anviwon 2 mèt de longè e ki sanble te fè pati zèl yon avyon), ebyen! yo dekouvri pyès sa a mèkredi 29 jiyè 2015 la sou yon plaj Lil de la Reyinyon, tou prè Madagascar, sou yon distans 3 mil 500 kilomèt ak kote yo te resevwa siyal avyon an pou la dènye fwa.

Espesyalis aviyasyon fransè ap analize debri a; men yo di li twò bonè toujou pou yo konnen si wi ou non pyès la te sòti nan aparèy malezyen an. Si se yon pyès avyon an vrèman, dekouvèt sa a kapab jwe yon gwo wòl nan travay kap fèt pou rezoud youn nan pi gwo mistè ki poze nan istwa aviyasyon modèn nan.

Ekspè fransè Xavier Tytelman, kap analize foto debri a, di Lavwadlamerik li gen konfyans pyès la te fè pati avyon ki disparèt la. Misye Tytelman deklare:

"Nou jwenn yon sèl kote nan pyès la ki koresponn egzattemen ak yon pati nan Boeing 777 la, pati yo rele « Flaperon » an. Se pa fòm pyès la sèlman ki koresponn; men tou twou ki te konekte l sou aparèy la."

Van Sebille, ki etidye fason debri vwayaje sou lanmè, fè konnen anketè yo byen kapab sèvi ak kouran dlo yo e ak fason van abitye soufle nan zòn nan, pou yo konnen plizoumwen anplasman aksidan an. Misye Sebille di:

"Se pa yon travay ki fasil pou fè, paske gen 17 mwa ki pase ; e lanmè a malouk epi tèlman gen move tan nan zòn nan. Men, si w kòmanse rechèch ou yon kote epi ou remonte filyè a pou detèmine egzatteman ki kote avyon an te touche dlo a, ou ka fin pa delimite yon sifas ki ka genyen petèt kèk sentèn de mil kòm dyamèt."

Vis Premye minis ostralyen an, Warren Truss --ki te nan tèt ekip ki tap chache nan pati sidwès Ostrali pou rejwenn avyon an-- panse dekouvèt sa a se yon gwo pa an avan nan rechèch yo. Anketè malezyen yo, bò kote pa yo, fè konnen yo gen konviksyon se yon moun ki gen konesans nan kesyon aviyasyon ki te fè eskprè li fèmen aparèy ki la pou pèmèt tou de kontwòl yo kenbe kontak ak avyon an, epi li detounen boeing nan. Sepandan envestigasyon an pa tèlman bay prèv ki ta apiye teyori sa a.

XS
SM
MD
LG