Accessibility links

Breaking News

Etazini-Iran/Akò Nikleyè: Administrasyon Obama a Kontinye Defann Antant la nan Kongrè a.


Sekretè Deta John Kerry (nan mitan), Minis Trezò a, Jacob Lew (adwat) ak Minis Enèji a, Ernest Moniz, ki tap fè depozisyon yo nan Kongrè a nan Washington, nan jounen madi 28 jiyè 2015 la.
Sekretè Deta John Kerry (nan mitan), Minis Trezò a, Jacob Lew (adwat) ak Minis Enèji a, Ernest Moniz, ki tap fè depozisyon yo nan Kongrè a nan Washington, nan jounen madi 28 jiyè 2015 la.

Ozetazini, yon lòt gwoup manm Kongrè a pral gen okazyon, nan jounen mèkredi 29 jiyè 2015 la, pou yo poze kèk otorite wo-plase nan administrasyon Obama a kesyon e tande depozisyon yo nan moman depite ak senatè ameriken yo ap kontinye evalye akò entènasyonal sou pwogram nikleyè Iranyen an.

Sekretè Deta John Kerry, minis Defans la, Ash Carter, Minis Enèji a, Ernest Moniz, ak kòmandan Wo Eta Majò Fòzame Lèzetazini yo, Jeneral Martin Dempsey, yo tout gen pou konparèt devan Komite Afè Militè Sena a. Nan sesyon sa a, patisipan yo pral santre atansyon yo sou kesyon pou konnen kijan akò a afekte enterè Lèzetazini ak ekilib militè a nan Mwayen Oryan an. Madi 28 jiyè a, Misye Kerry te youn nan manm kabinè a ki te ale sou Kapitòl la pou reponn kesyon Komite Afè Etranjè Chanm Depite a sou dosye a. Nan sesyon-kesyon repons la, Misye Kerry poze pale pou l mande:

"Kisa ki altènativ la? Kisa n pral fè si Iranyen yo rekòmanse anrichi iranyòm -e yap santi yo gen dwa fè sa si nou vire do bay akò a? Kisa n pral fè lè sanksyon yo fin leve epi nou pa ka remete yo an plas, paske nou kite tonbe yon akò 5 lòt peyi-zanmi aksepte? Mwen tande moun ki di kòmkwa akò sa a vin lejitimize pwogram nikleyè Iran an.. Sa pa fè sans ditou. Daprè akò a, Iran tonbe anba entèdiskyon an pèmanans pou l pa janm fabrike yon zam nikleyè."

Kongrè ameriken an gen yon peryòd 60 jou, aprè siyati akò a, pou l pase dokiman an an revi. Komite nan tou lè 2 chanm yo kòmanse rankontre ak manm kabinè Obama a –espesyalman John Kerry (Depatman Deta) ak Ernest Momiz (Depatman Enèji) ki te patisipe nan negosyasyon ki te debouche sou antant entènasyonal la pi bonè nan mwa jiyè a.

XS
SM
MD
LG