Accessibility links

Breaking News

Vizit Prezidan Barack Obama nan Etyopi


Premye Minis etyopyen an, Hailemariam Desalegn, ak Prezidan Barack Obama pandan yo tap bay yon konferans pou laprès nan Addis Abeba, Etyopi. (Dat: 27 jiyèl 2015).
Premye Minis etyopyen an, Hailemariam Desalegn, ak Prezidan Barack Obama pandan yo tap bay yon konferans pou laprès nan Addis Abeba, Etyopi. (Dat: 27 jiyèl 2015).

Prezidan ameriken an, Barack Obama, rive nan peyi Etyopi kote li pral pase tout yon jounen ap fè chita-tande ak Premye Minis Hailemariam Desalegn, nan kad premye vizit yon prezidan ameriken an fonksyon ap reyalize nan peyi Afrik de Lès sa a.

Korespondan nou nan Adis Abebba, Aru Pande, fè nou konnen 2 lidè yo te parèt trè rilaks lè yo te rive nan palè prezidansyèl la pou yo kòmanse yon jounen travay ki chaje ak aktivite. Sou pwogram diskisyon yo, genyen --antwòt: menas teworis ki pa sispann grandi, devlopman rejyonal ak sitiyasyon difisil ki egziste nan yon nouvo peyi ki fòme sou kontinan afriken an, an palan de Soudan Sid.

Minis afè etranjè etyopyen an, Berhane Gebrechristios, ki pale ak Lavwadlamerik, ensiste sou enpòtans prezidan Obama ak premye minis Dasaleng atache nan youn nan tèm ki sou pwogram rankont yo a, ki se teworism rejyonal la. Chèf diplomasi etyopyèn nan di:

"Se yon vizit trè-trè zenpòtan. Etyopi ak Lèzetazini gen absoliman divès enterè komen. E se tout tan entetrè sa yo oblije nou rapwoche nou. Sepandan, jodi a nou pral atikile enterè yo plis ke jamè oparavan e nou pral solidifye seryezman relasyon ant Lèzetazini ak Etyopi. Alòs, se yon rankont trè-trè zenpòtan."

Anvan Misye Obama te ale Etyopi, li te vizite yon lòt peyi Afrik de Lès, Kenya, kote papa l te fèt. Li te pran lapawòl devan yon foul pou l atire atansyon sou bèl opòtinite kap tann sitwayen kenyan yo, avèk yon ensistans sou yon vizyon ki pote lespwa, sitou pou jèn yo. Prezidan Obama deklare:

"Jounen jodi a, yon jèn Kenyan ki gen anbisyon pa ta dwe fè sa gran-papa m te fè, sètadi al travay pou yon mèt etranje. Nou pa bezwen fè sa papa m te fè, sètadi kite peyi nou pou n kapab resevwa bon jan edikasyon, pou n gen aksè ak opòtinite. Gras ak pwogrè Kenya fè, gras ak potansyèl nou, nou kapab bati lavni nou isit la menm e kounye a menm..."

Pandan lidè ameriken an nan Addis Abeba, nan jounen madi 28 jiyè 2015 la --2èm e dènye jounen toune li a ann Afrik-- li gen pou asiste yon rankont dirijan Inyon Afikèn nan e li pral pwononse yon diskou enpòtan devan manm òganizasyon rejyonal la ki gen katye jeneral li nan kapital Etyopi a.

Anvan Misye Obama te tanmen toune sa a, gwoup dwazimen yo te lanse apèl ba li pou mande li pwofite de rankont li ak lidè yo nan Kenya ak Etyopi pou egzòte yo fè refòm fondamantal nan dosye dwamoun lakay yo.

XS
SM
MD
LG