Accessibility links

Breaking News

Etazini-Vyolans: Atak nan yon sal-sinema nan Eta Lwizyàn. Bilan: 2 Mò ak Blese.


Gouvènè Eta Lwizyàn nan, Bobby Jindal (nan mitan) ki tap pale ak laprès aprè atak ki fè 2 mò ak 7 blese nan sinema The Grand Theatre nan vil Lafayèt, nan sware jounen 23 jiyè 2015 la.
Gouvènè Eta Lwizyàn nan, Bobby Jindal (nan mitan) ki tap pale ak laprès aprè atak ki fè 2 mò ak 7 blese nan sinema The Grand Theatre nan vil Lafayèt, nan sware jounen 23 jiyè 2015 la.

2 mò, 7 blese, se bilan yon zak teworis yon nèg komèt nan sware jedi 23 jiyè 2015 la nan yon sal sinema nan Eta Lwizyann, nan pati sidès Lèzetazini, kote misye ouvri koutzam sou moun epi touye tèt li apre sa. Youn nan moun ki te nan sal senema a, pale pou l fè deklarasyon sa a:

« Pou yon nèg leve kanpe nan yon sal simena epi li pran tire sou moun! Kisa k pouse yon moun fè yon bagay konsa?”

FBI deja ap pote-kole ak lapolis nan vil Lafayette, nan Lwizyàn, pou chache konnen poukisa yon nèg 58 tan te rete konsa epi li ouvè kout zam sou sal la ki te gen ladan n anviwon 100 moun ki tap gade yon film ki rele Trainwreck. Gouvènè Eta Lwizyàn nan, Bobby Jindal, te gen reyaksyon sa a nan menm sware a:

« Aswè sa a se yon sware tèrib pou Lafayette; yon sware tèrib pou Lwizyàn; yon sware tèrib pou tout peyi nou an. Nan trajedi ki pase aswè a, nou jwenn egzanp kouraj, ewoyism ak sakrifis pèsonèl. Te gen yon koup pwofesè nan sal teyat la ; youn nan yo te kouri vole sou lòt la pou l kouvri li ; konsa, li sove lavi kòlèg la, tandiske li menm, li resevwa yon bal nan tèt ki te byen kapab touye li. 2èm pwofesè a blese, men blese a pa grav ase pou menase lavi li. Lopital deja ba l egzeyat aswè a menm. »

Prezidan Obama, ki te nan avyon sou wout pou Lafrik, resevwa nouvèl sou trajedi a pandan li te anlè a. Li pase lòd pou otorite federal yo mennen yon ankèt total e konplè sou sa k pase a.

XS
SM
MD
LG