Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Kowoperasyon: Bank Mondyal Anonse yon Asistans 120 Milyon Dola sou 3 Zan pou Peyi a


Ayiti/Kowoperasyon Entènasyonal

Bank Mondyal anonse li dispoze yon anvlòp 120 milyon dola kòm asistans pou Ayiti pandan 3 zan k ap vini la yo. Senatè Francisco Dela Cruz, ki reyaji sou anons la, di enstitisyon finanse entènasyonal la fè anons la pandan yon delegasyon bank la tap fè yon rankont ak manm chanm wot la ann Ayiti. Palmantè a, ki se yon doktè an medsin, deplore le fèt ke nouvo asistans sa a koupe anpil nan èd Bank Mondyal te konn bay sektè sante a.

Nouvèl Ayiti pou vandredi 24 jiyè 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:18 0:00
Direct link

Ayiti / Diplomasi

Opinyon yo pataje sou desizyon gouvènman ayisyen an pran pou l raple definitivman anbasadè Daniel Supplice ki tap dirije misyon diplomatik Ayiti a nan Repiblik Dominikèn. Gen sektè ki konsidere revokasyon sa a kòm yon mesaj otorite yo nan Pòtoprens vle voye bay otorite dominiken yo pou di yo kòmkwa administrasyon Martelly/Paul la pa dakò fason gouvènman Prezidan Danilo Medina ap jere kèk dosye ki konsène rapò ant 2 peyi yo an jeneral; tandiske kèk lòt sektè kwè rapèl la gen plis rapò ak yon seri deklarasyon Misye Supplice te fè sou sa li rele "responsablite otorite Ayiti yo" nan reta yon majorite Ayisyen ou desandan Ayisyen kap viv ilegalman nan Peyi Panyòl te pran pou yo enskri nan Plan Nasyonal Regilarizasyon Etranje a --yon pwogram otorite dominken yo te mete sou pye pou regilarise estati etranje ilegal yo e ki ekspire nan dat 17 jen pase a. Ansyen Minis Ayisyen k ap Viv Aletranje yo, Edwin Paraison, reponn kesyon Jean Robert Philippe sou demisyon Anbasadè Daniel Supplice la an patikilye e sou dosye depòtasyon an an jeneral

XS
SM
MD
LG