Accessibility links

Breaking News

Etazini/Mwayen Oryan: Minis Defans Ash Carter an Vizit nan Arabi Sawoudit.


Minis Defans Carter (agoch) ap rankontre ak Wa Salman bin Abdul Aziz (adwat) nan Palè Al-Salam nan vil Jeddah, nan Arabi Sawoudit. (Foto: AP Photo/Carolyn Kaster, Pool, Mèkredi 22 jiyè 2015).
Minis Defans Carter (agoch) ap rankontre ak Wa Salman bin Abdul Aziz (adwat) nan Palè Al-Salam nan vil Jeddah, nan Arabi Sawoudit. (Foto: AP Photo/Carolyn Kaster, Pool, Mèkredi 22 jiyè 2015).

Minis defans Lèzetazini an, Ash Carter, ap vizite peyi Arabi Sawoudit mèkredi 22 jiyè 2015 la, nan kad yon toune lap fè nan rejyon Mwayen Oryan an pou l chache konvenk kèk otorite rejyonal kap ezite toujou, pou yo kwè nan benefis ki kapab sòti nan akò entènasyonal sou pwogram nukleyè peyi Iran an. Gouvènman sawoudyen an poko fè okenn deklarasyon piblik pou l ni kondane ni apwouve akò Teheran ak 6 puisans mondyal te siyen nan dat 14 jiyè pase a.

Pandan sejou Misye Carter nan wayòm sawoudyen an, li deja rankontre ak Monwa Salman bin Abdul Aziz, ak minis defans sawoudyen an. Apre vizit sa a, chèf Pentagòn nan ap retounen nan Jòdani kote li pral fè chita-tande ak ofisye wo-plase nan lame peyi sa a. Nan jounen madi a, Misye Carter te rankontre ak twoup kowalisyon an nan Jòdani nan yon baz ayeryen kote yo prepare operasyon kont pozisyon gwoup Eta Islamik la nan Siri.

Anvan Ash Carter te ale nan Amman, kapital Jòdani, li te vizite peyi Izrayèl kote li te rankontre ak Premye Minis Benjamin Netanyahu pou l te ba li asirans, yon fwa ankò, Lèzetazini ap kontinye apiye sekirite Eta Jwif la aprè siyati akò nikleyè a avèk Iran. Se ak yon vizaj byen sonb Misye Netanyahu te resevwa minis defans ameriken an anvan yo te pase preske 2 zèdtan ap diskite nan biwo chèf gouvènman izrayelyen an nan Jerizalèm.

XS
SM
MD
LG