Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon : KEP a Konfime Lejislativ yo Ap Dewoule nan Dat 9 Out 2015 la


Logo Konsèy Elektoral Pwovizwa a
Logo Konsèy Elektoral Pwovizwa a

Ann Ayiti KEP a (Konsèy Elektoral Pwovizwa a) bay garanti, yon fwa ankò, eleksyon lejislativ yo pral dewoule nan dat 9 Out 2015 la, jan kalandriye a prevwa l la. Daprè konseyè elektoral Yolette Mengual --ki reponn kesyon Jean Robert Philippe-- KEP a deja distribye materyèl non-sansib yo nan diferan depatman jewografik peyi a. Madam Mengual konfime, yon lòt kote, nouvèl ki fè konnen bilten vòt yo (materyèl sansib yo) ap rive nan peyi a nan jounen mèkredi 22 jiyè 2015 la.

Nouvèl Ayiti pou mèkredi 22 jiyè 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:47 0:00
Direct link

Yon lòt kote, plizyè òganizasyon dwazimen ak kèk gwoup nan Sosyete Sivil la te desann nan lari kapital la, Pòtoprens, nan jounen madi 21 jiyè a, pou yo denonse politik rapatriman gouvènman dominiken ap pratike kont konpatriyòt ayisyen kap viv ilegalman sou tè Panyòl, malgre Repiblik Dominikèn di depòtasyon an poko kòmanse. Antretan, otorite ayisyen yo di yo pa gen ekskiz pou yo prezante bay Repiblik Dominikèn --ki se kondisyon gouvènnman Prezidan Danilo Medina a poze pou l rekòmanse fè dyalòg ak otorite ayisyen yo sou kesyon rapatriman an. Sou manifestasyon an ak lòt pwen ki gen rapò ak dosye ayisyano-dominiken an, Paul Berman Francois, jounalis Radyo Karayib FM, reponn kesyon Jacques Jean-Baptiste.

XS
SM
MD
LG