Accessibility links

Breaking News

Etazini-Izrayèl : Rankont Minis Defans Carter ak Premye Minis Netanyahu


 Premye Minis Izrayelyen an, Benjamin Netanyahu ( adwat) ap resevwa Minis Defans ameriken an, Ash Carter (agoch), aprè Chèf Pentagòn nan te rive nan biwo chèf gouvènman izrayelyen an nan Jerizalèm. Misye Carter di li pa espere fè lidè izrayelyen yo kite tonbe opozisyon yo kont akò ak Iran an; sepandan lap fè yo konprann deal la pa mete pyès limit sou sa Washington ka fè pou l ganranti sekirite Izrayèl ak alye arab li yo. (Foto: Madi 21 jiyè 2015. AP Photo/Carolyn Kaster, Pool).
Premye Minis Izrayelyen an, Benjamin Netanyahu ( adwat) ap resevwa Minis Defans ameriken an, Ash Carter (agoch), aprè Chèf Pentagòn nan te rive nan biwo chèf gouvènman izrayelyen an nan Jerizalèm. Misye Carter di li pa espere fè lidè izrayelyen yo kite tonbe opozisyon yo kont akò ak Iran an; sepandan lap fè yo konprann deal la pa mete pyès limit sou sa Washington ka fè pou l ganranti sekirite Izrayèl ak alye arab li yo. (Foto: Madi 21 jiyè 2015. AP Photo/Carolyn Kaster, Pool).

Minis defans Lèzetazini an, Ash Carter, rankontre nan peyi Izrayèl, madi 21 jiyè 2015 la, avèk Premye Minis Benjamin Netanyahu pou yon chita-pale ki dewoule yon semèn aprè yon gwoup 6 puisans mondyal (pami yo te gen Lèzetazini) te jwenn yon akò ak Iran sou pwogram nikleyè peyi sa a --yon akò ki jwenn yon opozisyon fawouch bò kote lidè eta jwif la.

Nan jounen lendi a, Misye Carter te eseye bay otorite yo nan Izrayèl asirans antant la pa poze menas pou sekirite nasyonal peyi yo, paske, daprè li, Izrayèl reprezante "baz estrateji Lèzetazini nan Mwayen Oryan an."

Misye Netanyahu te leve lavwa plizyè fwa pou l denonse negosyasyon ki tap fèt pou jwenn akò a nan vil Vyèn, nan peyi Lotrich; e aprè 6 puisans yo (Lèzetazini, La Grann Bretay, Lachin, Lafrans, Larisi ak Lalmay) te siyen antant la finalman sa gen yon semèn, li te deklare : « Se yon gwo erè istorik. »

7 jou aprè siyati akò a, swa lendi 20 jiyè 2015 la, tout manm konsèy sekirite Oganizasyon Nasyon Zini an, san wete youn, te vote pou yo apwouve deal la. Sa te pwovoke plis kritik toujou bò kote anbasadè izrayelyen ki nan l’ONU an, Ron Prosor, ki te fè konnen : « Akò sa a se yon veritab trajedi. » Diplomat la te ajoute :

« Kounye a Iran pral gen a la dispozisyon li 150 milya dola pou l finanse aktivite gwoup teworis yo. Konbyen nan lajan sa a ki pral jwenn gwoup militan tankou Hezbollah ak Hamas? Konbyen ki pral jwenn prezidan siryen an, Bashar al-Assad? Konbyen lajan ki pral jwenn aktivite teworis tou patou nan lemond? »

Bò kote pa l, anbasadris Lèzetazini nan l ONU, Samantha Powers, te fè konsèy sekirite a konpliman poutèt « li deside bay diplomasi yon chans », e li te ajoute akò a pa diminye preokipasyon Lèzetazini genyen konsènan Iran –preokipasyon ki gen rapò ak domèn tankou vyolasyon dwamoun, apui Teheran pou zak teworis ak pwogram misil balistik li a.

Anfen, Minis Afè Etranjè fransè a, Laurent Fabius, anonse madi li pral fè yon vizit nan Iran semèn pwochèn ; sou pwogram vizit sa a genyen yon rankont ak Prezidan Hassan Rouhani. Semèn pase a, chèf diplomasi fransèz la te fè laprès konnen kolèg iranyen n nan, Javad Zarif, te lanse envitasyon pou l vizite Teheran aprè negosyasyon yo te pran fen nan vil Vyèn.

XS
SM
MD
LG